Radio Haïti Inter

Radio Haïti-Inter, premye stasyon radyo endepandan an Ayiti, te genyen yon popilarite san parèy pami pèp ayisyen an.

Ricardo Widmaier, yon inovatè nan domenn radyo, te fonde Radio Haïti nan 1935, men stasyon an te vrèman jwenn idantite l’ lè Jean Dominique, agwonòm ki te vin jounalis vanyan, te achte stasyon nan fen ane 1960 yo.  Anvan sa, Dominique t’ap travay kòm agwonòm nan nò dAyiti, men rejim Duvalier a te arete l’ epi fòse l’ kite pòs li.

Jean Dominique, jeune agronome a Bayeux dans le Nord d'Haiti

Jean Dominique, jèn agwonòm nan Bayeux nan nò dAyiti, 1956

Pandan li tap chèche travay nan Pòtoprens nan mitan ane 1960 yo, li komanse travay kòm prezantatè emisyon kiltirèl nan Radio Haïti.  An 1971, Dominique rebatize Radio Haïti kòm Radio Haïti-Inter; se lè sa a li komanse fè stasyon an tounen yon gwo zouti rezistans kont dominasyon diktatoryal ak koripsyon politik.  Nan ane 70 yo, Radio Haïti te sèl stasyon ki t’ap bay nouvèl ak komantè an kreyòl – lang manman tout ayisyen — anplis de franse (franse te, nan epòk sa a, lang tradisyonèl medya an Ayiti, menm si mwens ke 10% popilasyon an te konprann li byen).

Nan epòk lè Radio Haïti t’ap fonksyone yo, te gen anpil dezòd ak vyolans politik an Ayiti.  Pandan sitiyasyon peyi a t’ap monte-desann ak ensekirite politik, sitiyasyon Radio Haïti te monte-desann tou.  28 novanm 1980, rejim Duvalier a te fè yon gwo represyon kont jounalis, moun ki tap defann dwa moun, ak pati opozisyon yo.  Rejim nan te arete tout jounalis Radio Haïti yo.  Pi fò ladan yo te nan prizon, epi aprè sa yo te ale an egzil Ozetazini, Venezyela, ak Kanada.   Gen ladan yo te maspinen, tankou Richard Brisson, ki te, nan epòk sa a, responsab jesyon stasyon an; rejim Duvalier a resi touye l’ an 1982.

Richard Brisson, fen lane 70 yo (koutwazi CIDIHCA)

Richard Brisson, fen lane 70 yo (koutwazi CIDIHCA)

Dominique apèn chape li menm; li te kouri ale Karakas, epi aprè sa, nan Nouyòk.  Se la li te reyini ak Michèle Montas, madanm ak patnè pwofesyonèl li. Montas te nan prizon an Ayiti; gouvèman an te mete l’ nan yon avyon voye l’ Nouyòk.  Lè rejim Duvalier a tonbe an 1986, Dominique ak Montas te tounen imedyatman Pòtoprens pou rebati stasyon an.  Pèp ayisyen an – peyizan kou ti machann – te bay lajan yo te kapab pou ede radyo a ouvri ankò.

06

Jando devan mikro

Nan epòk tranzisyon ant diktatè ak demokrasi nan fen ane 1980 yo, lè Ayiti te anba yon seri de rejim militè, te gen anpil enstabilite. Militè yo te atake bilding Radio Haïti a plizyè fwa; fasad li te gen yon bann tras bal ak grenad sou li. Sepandan, Radio Haïti te rete nan premyè liy nan batay pou libète lapawòl; se li menm ki te bay sa ki pat gen vwa anvan lapawòl. Radio Haïti Inter te sèl stasyon radyo ki te konn voye jounalis fè repòtaj sou sa k’ tap fèt an pwovens epi nan zòn ki te cho nan Pòtoprens, kote lòt moun pat ka pase.

jd_m_sm

Jean Dominique ak Michèle Montas, 60yèm anivèsè Radio Haïti, 1995.

Stasyon an te fòse fème ankò an 1991 lè yon koudeta te ranvèse gouvènman Jean-Bertrand Aristide aprè sèlman sèt mwa nan pouvwa.  Dominique ak Montas te oblije retounen an egzil Ozetazini.  Yo tounen an Ayiti ankò an 1994, lè solda ameriken te anvayi Ayiti pou retabli Aristide kòm prezidan.

Jan li te konn fè pandan tout karyè l, Dominique te kontinye travay san rete pou denonse koripsyon gouvènmantal ak vyolasyon dwa moun.  3 avril 2000, asasen te touye Jean Dominique poutèt angajman li te genyen pou jistis ak verite. Li mouri nan lakou stasyon an, ansanm avèk yon anplwaye ki rele Jean Claude Louissaint.  Montas, ansanm avèk pitit fi Dominique, Jan (J.J.) Dominique, ki tap travay kòm direktris egzekitif stasyon an depi 1994, kontinye fonksyonman Radio Haïti a.  Lòt jounalis yo — jèn, vayan, ak devwe – te rete nan ekip la malgre tout danje san rete, epi yo te redouble angajman yo pou lajistis ak dwa moun.  Yo te pouswiv envestigasyon sou enpinite ak krim san pinisyon, sitou yon envestigasyon sou sikonstans asasina Jean Dominique.  An 2002, te gen yon tantativ asasina sou Montas; gad kò l’, Maxime Seide, mouri anba bal.  Menas sou manm staf radyo a t’ap vin pi grav chak jou – finalman, Michèle Montas ak J.J. Dominique te deside fèmen radyo a, an fevriye 2003, epi yo tounen an egzil ankò.

Maxime "Big" Seide, killed 25 December 2002

Maxime “Big” Seide, ki mouri 25 December 2002

Radio Haïti-Inter te bay emisyon chak jou, komanse 6è di maten rive minwi.  Li te ofri rezime nouvèl chak èdtan, sis pwogram nouvèl (twa an kreyòl, twa an franse), yon pwogram nan aprèmidi sou yon tèm an patikilyè (Micro Témoin, an franse), ak yon pwogram tab wonn oubyen entèvyou (Forum démocratique, Pawòl la Pale, ak Face à l’Opinion, swa an franse oswa an kreyòl), selon sezon an. Te gen pwogramasyon edikatif tou sou lasante, dwa fanm, agrikilti, ak koze timoun.

Pandan trant lane travay yo, vrèman se efò ak kouraj ekip repòtè ak korespondan ki fè stasyon an mache.  Montas, ki te travay okomansman nan ane 1970 yo kòm repòtè ak jounalis envestigatif, te jere sal redaksyon soti nan 1990 rive 2003; li fòme plizyè jenerasyon jounalis ayisyen pandan karyè li.  Marcus Garcia te vin fonde Radio MélodieKonpè Filo (vrè non Anthony Pascal) se yon jounalis ak yon pèsonaj trè koni nan domenn radyo ak televizyon.  Liliane Pierre-Paul, Marvel Dandin, ak Sony Bastien te vin fonde Radio Kiskeya, yon stasyon ki toujou egziste, k’ap kontinye angajman Radio Haïti te genyen pou pwogramasyon ki sèvi enterè piblik.  Harold Isaac, ki te redaktè an chèf lè deblozay ak represyon 1980, te ale nan Kanada lè gouvènman an fòse l’ kite Ayiti.  J.J. Dominique te prezante pwogram « Micro Témoin » chak jou, ak magazin kiltirèl « Entre Nous »; jounen jodiya, li se yon ekriven rekoni k’ap viv nan Monreyal.  Pierre Emmanuel te redaktè an chef nan sal redaksyon soti nan 1990 rive 2003; aktiyèlman se yon jounalis radyo nan Monreyal.  Nan menm peryòd sa, stasyon an te apresye prezans ak efò jounalis kou Jean Roland Chery, Immacula Placide, ak Guerby Dujour; Paul Dubois te responsab pwogramasyon kiltirèl.  Sony Estéus techèf Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal, yon rezo radyo kominotè an Ayiti, jiska li mouri sibitman an 2015.  Gregory Casimir ak Fritzson Orius gentan fonde stasyon radyo pa yo.

Radio Haiti newsroom #1

Kèk manm ekip Radio Haïti, 1995. Dèyè: Jean Claude (Fanfan) Mathieu, Guerlande Éloi, Jean Roland Chery, Maggy Dazema, Sony Estéus, Michèle Montas, Pierre Emmanuel (Manno). Chita: Wilfrid Lavaud (Ti Do), Jan (J.J.) Dominique, Paul (Paulo) Dubois, Fritson Orius, Georges Muller Polistin

Tout moun sa yo, ak anpil lòt manm staf la, te posede menm estanda jounalisitik elve ak menm angajman feròs pou repòtaj an pwofondè ki te karakteristik prensipal travay Radio Haïti a.  Kidonk, Radio Haïti te fè pwogramasyon chak jou sou denyè nouvèl; pwogram kiltirèl; entèvyou ak gwo ekriven, atis, ak pansè; analiz politik; ak tab wonn sou istwa ak kilti ayisyen.  Konsa, manm staf Radio Haïti te rasanble yon koleksyon vwa ak opinyon ki ka reprezante achiv pi enpòtan ak pi konplè istwa Ayiti nan fen 20yèm syèk.

Anrejistreman sa yo montre evolisyon sosyete ak medya ayisyen pandan plis pase trant an.  Nan ane 1960 ak 1970 yo, tout jounal yo te pibliye an franse, stasyon radyo pat anpil epi preske tout emisyon yo t’ap bay se an franse yo te ye.  Pandansetan, yo te konn sèvi ak kreyòl sèlman pou piblisite, mizik, ak divètisman — malgre se kreyòl ki lang mas pèp la, ki lang manman tout ayisyen.  Nouvo medya te pouse aprè Duvalier fin tonbe, epi inovasyon teknolijik te fè radyo pi aksesib pou tout moun.  Bagay sa yo te chanje sityasyon medya an Ayiti nèt.  Jounen jodiya, anpil ògan près kap fonksyone bay nouvèl an kreyòl; jounen jodiya, pi fò ayisyen resi kapab konprann nouvèl yo epi patisipe dirèkteman avèk pwòp vwa pa yo.  Se Radio Haïti ki te pyonye chanjman sa a.

Radio Haiti newsroom #3

Jounalis ak zanmi Radio Haïti kap pran plezi, jou 60yèm anivèsè stasyon an, 1995. Devan: Mizisyen Beethova Obas, Wilfrid Lavaud (Ti Do), Paul (Paulo) Dubois, Pierre Emmanuel (Manno). Dèyè: Maggy Dazema ak teknisyen son Septimus André.

Achiv Radio Haïti a ranmase yon kantite materyèl, soti nan pwogramasyon kiltirèl nan ane 1970 ak ansyen entèvyou sou « haïtianité » — byen souvan fèt avèk entelèktyèl, an franse – rive nan epòk 1986-2003, lè te genyen repòtaj ak deba nan lang kreyòl, lè enterè epi vwa mas pèp ayisyen resi parèt nan ond radyo yo.  An brèf, anrejistreman sa yo se yon temwanyaj sou yon batay difisil, epi twò souvan sanglan, Radio Haïti ak sosyete sivil ayisyen an te mennen pou libète lapawòl ak libète asyosyon an Ayiti.

Dokimantè Lagwonòm (The Agronomist), reyalize an 2003 pa sineyas renome Jonathan Demme, prezante istwa Radio Haïti-Inter, politik ayisyen nan ventyèm syèk, ak lavi ekstraòdinè Jean Dominique ak Michèle Montas.

10. 1. JanDo

Jean Dominique tounen sòt an egzil i an 1986; 60,000 moun tap tann li nan ayewopò.

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *