Duvaliérisme: Devoir de Mémoire

Plizyè anrejistreman Radio Haïti gen rapò avèk komemorasyon vyolans ak represyon ki fèt nan epòk François ak Jean-Claude Duvalier. Se entèvyou ak sivivan, temwen, ak fanmi viktim yo ye, ki fèt aprè evènman yo, olye anrejistreman an dirèk. Se paske lè evènman sa yo fèt, Radio Haïti-Inter potko egziste, oubyen yo pat ka pale bagay sa yo, paske yo te bije pale andaki, osinon manm staf Radio Haïti yo te an egzil lè evènman sa yo pase. Evènman ak tèm ki trete ladan yo:

  • Gwo vyolans ki fèt toupatou nan Pòtoprens an 26 avril 1963, lè François Duvalier te blayi yon gwo laterè kont advèsè li yo (menm si se te advèsè aparan, oubyen imanjinè yo te ye) avèk tout fanmi ak ras moun sa yo, aprè Clément Barbot (ansyen chèf Tonton Makout yo) te fè yon tantativ kidnapin kont pitit prezidan an.
  • Jeune Haïti – yon envazyon trèz jèn ayisyen, ki t’ap etidye Ozetazini, te fè pou eseye ranvèse diktati François Duvalier nan mwa daout 1964. Yon moun te trayi yo, epi makout te asasinen yo tout.
Komemorasyon 50yèm anivèse asasina Marcel Numa ak Louis Drouin, manm Jeune Haïti, ki yo touye 12 novanm 1964, devan Simityè Nasyonal Pòtoprens,

Komemorasyon 50yèm anivèse asasina Marcel Numa ak Louis Drouin, manm Jeune Haïti, ki yo touye 12 novanm 1964, devan Simityè Nasyonal Pòtoprens (se Jerry Rosembert ki fè grafiti a)

  • Masak <<Vêpres Jérémie>> ki fèt an 1964, lè makout yo te touye 27 moun, tibebe kou ti granmoun – fanmi manm Jeune Haïti, oubyen moun yo te sipoze te fanmi manm Jeune Haïti – kòm vanjans pou envazyon Jeune Haïti a.
  • Masak Cazale nan 1969, ki komanse 27 mas aprè rebèl kominis anti-Divalyeris (Parti Unifié des Communistes Haïtiens) te fè yon atak sou pòs VSN Kazal la, e ki dire jouk le 11 avril. Militè ak makout yo te boule anpil kay peyizan, epi yo touye, arete, arete anpil peyizan, fanm kou gason.  Jiskaprezan yo pa konnen ki kantite moun represyon sa a manyen.
  • Lanmò “Twa Flè Lespwa,” lè militè t’ap tire sou yon manifestasyon ki pat vyolan, epi yo touye twa jèn gason nan yon lakou lekòl, 28 novanm 1985 nan Gonayiv. Militè yo t’ap tire sou yon manifestasyon ki pat vyolan. Lanmò twa jèn yo, Jean Robert Cius, Mackenson Michel, al Daniel Israel, te pwovoke yon seri manifestasyon toupatou nan peyi a; manifestasyon sa yo te kontribye fè Jean-Claude Duvalier tonbe, nan fevriye 1986.
  • Masak Fort Dimanche, 26 avril 1986, lè militè te touye ak blese yon kantite moun. Te gen yon manifestasyon devan Fort Dimanche pou komemore evènman 26 avril 1963. Kòm sa te fèt aprè Jean-Claude Duvalier tonbe, sa montre ke vyolans divalyeris pat fini avèk Duvalier.

Aprè tout dezòd ak vyolans ki pase nan ane tranzisyon yo, memwa kolektif sou sa k’ te pase anba diktati Duvalier komanse efase, moun komanse bliye oubyen yo chwazi pa pale bagay sa yo, paske yo pito pase eponj so you, epi lòt moun ki te viv bagay sa yo vin pi granmoun, devoir de mémoire vin pi enpòtan toujou. Li enpòtan ni pou moun kap chèche jistis, ni pou soyete an jeneral.

Diskou François Duvalier, janvye 1971

Diskou Jean-Claude Duvalier, septanm 1971

Luckner Cambronne, Minis Enteryè – Konferans Laprès, 23 novanm 1971

Editoryal: Bon appétit, messieurs! 20 October 1980

Premye Anivèsè Asasina “Twa Flè Lespwa” nan Gonayiv, entèvyou Venel Remarais, 27 novanm 1986

Masak Cazale: 18 an aprè, 27 mas 1987

Temwanyaj sou masak Fort Dimanche, 26 avril 1986 (manman viktim yo, obsèvatè dwa moun) – 1 an aprè, 26 avril 1987

Entèvyou ak manm Komite Pa Bliye (komemorasyon nan Fort Dimanche, fevriye 1991)

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *