Masak Jean Rabel: 1987

23 jiyè 1987, pi gwo masak peyizan ki fèt nan istwa Ayiti komanse nan zòn Jean Rabel, nan nòdwes. Anviwon 139 peyizan te mouri e nou pa menm konnen kombyen ki te blese anba men brigad ak makout ki tap swiv lòd ak jwenn kòb nan men oligak Rémy Lucas ak lòt grandon tankou Jean-Michel Richardson ak Nicol Poitevien. Depi kèk mwa anvan masak la, Pè Jean-Marie Vincent, yon prèt ti legliz ki te pratike ak preche teyoloji liberasyon, tap travay ansanm avèk ti peyizan yo nan gwoupman Tèt Ansanm pou yo ta ka òganize yo pou defann dwa yo anfas grandon ki tap eksplwate yo. Travay sa a te jwenn reprezay; 17 fevriye 1987, makout yo desann Gwo Sab (yon kominote nan zòn Jean Rabel) epi yo boule plizyè kay ti peyizan.  Rive nan mwa jiyè 1987, manm Tèt Ansanm yo tap chèche gaye mesaj la bay lòt peyizan nan zòn Jean Rabel e toupatou, pou yo tout ta kapab reklame dwa yo.

Political cartoon from Tèt Kole's 1989 commemoration of the Jean Rabel massacre. Peasant farmers and laborers are powerless against the might of landowners, the Church, political leaders, and the United States, among others. (Source: Radio Haiti Inter paper archive)

Karikati ki soti nan ti liv Tèt Kole te fè pou komemore masak Jean Rabel nan 1989.  (Ti liv la nan achiv Radio Haïti Inter)

Vyolans lan komanse le 23 jiye, men li dire plizyè jou. Pandan jou sa yo, agresè yo tap menase epi touye manm Tèt Ansanm yo ak fanmi yo – menm nan lari, nan prizon, nan lopital, ak sa k tap kache nan raje toujou. Sivivan yo te mande gwo otorite legliz Pòtoprens vin ede yo, vin sove sa agresè potko touye yo, men gwo otorite legliz pat fè anyen pou yo. Pandansetan, grandon Lucas, Richardson, ak Poitevien tap plede di se yo menm ki vrè viktim. Yo tap di Pè Jean-Marie se yon kominis li te ye, epi se li menm ak manm Tèt Ansanm kap kreye vyolans ak dezinyon nan zòn nan.

 

Karikati ki soti nan ti liv Tèt Kole te fè pou komemore masak Jean Rabel nan 1989. (Ti liv la nan achiv Radio Haïti Inter)

Karikati ki soti nan ti liv Tèt Kole te fè pou komemore masak Jean Rabel nan 1989. (Ti liv la nan achiv Radio Haïti Inter)

Evènman sa se pa sèlman yon konfli lokal ant grandon ak peyizan san tè; li montre pi gwo pwoblèm pwopriyetè tè an Ayiti. Konfli sanglan an montre tou yon divizyon ki tap apwofondi andedan legliz katolik, ant yerachi konsèvatè ak « ti legliz » kominotè yo. Mouvman teyologi liberasyon te gen yon gwo enpak sou politik an Ayiti nan ane 1980 yo; an 1990, Jean-Bertrand Aristide, yon ansyen prèt katolik soti nan bidonvil Pòtoprens, te monte sou pouvwa kòm prezidan. Manifestasyon Jean Rabel yo, ansanm avèk masak la ki vin aprè, montre nouvo konsyans peyizanri a, avèk yon detèminasyon pou defann dwa yo, sak te gen pouvwa tap eseye kraze depi anvan lendepandans dAyiti.

 

Pat janm gen jistis pou viktim masak ki te fèt nan Jean Rabel epi nan Gros Sable (yon lòt kominote nan zòn nan). An 1998, lè René Préva te prezidan, yo arete Rémy Lucas ak Nicol Poitevien, grandon ki tap fè djolè, vante tèt yo piblikman, ki tap di yo touye « 1042 kominis ». Men yo lage yo, san okenn pwosè.

Aprè masak la, Pè Jean-Marie Vincent kontinye fè batay li pou defann dwa ti peyizan majinalize yo, malgrè anpil menas ak anpil vyolans ki fèt sou li, jiskaske yo asasinen l 28 daout 1994.

Anrejistreman

Temwanyaj manm Tèt Ansanm, 3 jiyè 1987

Jeunes Etudiants Chrétiens Port-de-Paix pote sipò bay Tèt Ansanm, 6 jiyè 1987

Inondasyon anba lavil Pòtoprens, Pon Wouj, Site Solèy, 11 jiyè 1987

Jean Rabel: Kout Lambi Tèt Ansanm, 21 jiyè 1987

Jean Rabel: Vyolans kont manifestan ap monte, opresyon sou jounalis, 23 jiyè 1987

Entèvyou ak manm Tèt Ansanm/Temwen, 28 jiyè 1987

Pè Jean-Marie Vincent pale sou masak Jean Rabel, 28 jiyè 1987

Masak Jean Rabel, Radyo Solèy, 28 jiyè 1987

Masak Jean Rabel – Pè Jean-Rénald Clérismé, Nicol Poitevien, ak Jean-Michel Richardson, 30 jiyè 1987 

Jean Rabel: Rémy Lucas ak Jean-Michel Richardson, dat enkoni 1987

Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal: Masak Jean Rabel (l’Hécatombe de Jean Rabel), fen jiye 1987

Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal sou Jean Rabel: Pwopriyetè Tè, Anti-Kominis, Legliz Katolik, ak Twipotaj, 16 daout 1987

Face à l’Opinion: Pè Rénald Clérismé sou Premyè Anivèsè Asasina Jean-Marie Vincent, 24 daout 1995

JMV: 1980, Rivière Côte de Fer, J-R

Pè Jean-Marie Vincent, 1980, Kèt Defè, Ayiti. (Mèsi a Fondation Jean-Marie Vincent, ki pemèt nou sèvi ak foto a.)

 

Pou plis enfòmasyon sou Pè Jean-Marie, vizite paj Fondation Jean-Marie Vincent. (An franse.)

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *