Jistis pou Jando: 2000-2015

"Yo Touye Jando" by Maxan Jean Louis

“Yo Touye Jando” by Maxan Jean Louis

 

A 6 è 5 di maten, jou 3 avril 2000, kèk minit anvan emisyon jounal kreyòl la, yo touye Jean Léopold Dominique, direktè jeneral Radio Haïti Inter, ak Jean Claude Louissaint, yon anplwaye estasyon an, nan lakou radyo a.  Depi lè sa a, epi pou plizyè lane aprè asasina sa yo, ayisyen i nan tout sektè sosyete a — kiltivatè kou militan dwa moun, ayisyen kap viv nan dyaspora — ansanm avèk plizyè òganizasyon entènasyonal, yo tout te egjize jistis pou jounalis la.

Envestigasyon lajistis la te yon komedi, avèk anpil magouy, manti, ak malfezans. Asasen touye plizyyè temwen; gen lòt temwen ki mouri nan kondisyon ki pa klè, gen temwen ki disparèt. Moun te menase jij enstriksyon yo.  75% pyès dosye jistis la disparèt nan Kou Kasasyon an.  Plizyè moun non yo site — tankou Senatè Dany Toussaint — te refize kolabore ak envestigasyon an. Yo te deklare pòs senatè a pa pèmèt lajistis manyen yo, sa vle di yo gen iminite. Yo te jwenn anpil taktik tou pou yo pa parèt nan biwo envestigasyon an.

21 mas 2003, yo bay rezilta envestigasyon ofisyèl la.  Jij la te lonje dwèt sou yon bann ti kriminèl kòm moun ki touye Jean Dominique ak Jean Claude Louissaint oubyen ki patisipe kòm konplis; envestigasyon an pat janm di kiyès ki peye asasen sa yo, kiyès ki komanditè asasina yo.  Michèle Montas, vèv Jean Dominique, te refize rezilta sa yo, epi li mennen dosyè a nan Kou dApèl.  Montas li menm te manke mouri jou nwèl 2002, lè yo tire sou li devann lakay li.  Gadkò li, Maxime Seide, te mouri anba bal jou sa a.

17 janvye 2014, yo bay rezilta dezyèm envestigasyon an. Jij la lonje dwèt sou 9 moun, pami yo Mirlande Libérus, yon ansyen senatris Fanmi Lavalas, kòm moun ki te oganize de asasina yo. Pamiyo tou te gen Harold Sévère, ansyen majistra adjwen Pòtoprens, ansanm avèk Annette Auguste (Sò Ann) ak Franco Camille, gwo zotobre nan pati Lavalas. Yo te déjà arete plizyè nan 9 moun sa yo anrapò ak ka a, men yo te jwwenn liberasyon osinon yo te sove nan prizon. Anvan dosyè a te ka tounen nan tribinal, temwen prensipal la, Oriel Jean, ki te ansyen chèf sekirite nan Palè Nasyonal, te mouri anba bal sou Wout Delma nan 3 mas 2015.

Asasina Jean Dominique, se youn nan anpil asasina ki fèt nan swadizan sezon demokratik, kote komanditè yo jwenn enpinite.  Jis jounen jodiya, nan avril 2015, kenz an aprè asasina Jean Dominique ak Jean Claude Louissaint, yo poko jwenn jistis.

 

ANREJISTREMAN

Ochan pou yon nonm lib, 31 jiyè 2000

Editoryal: Yo te konn rele m Cassandre, 6 novanm 2001

Editoryal: Poukisa Jean Dominique?, 9 avril 2002

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *