Lagè Diri, Latibonit: Konfli ant Gonayiv ak Lestè, 4 desanm 1986

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Zafè Gonayiv Lestè 4/12/86

DESKRIPSYON

Yon gwoup kiltivatè sot Lestè al Gonayiv. Yo di otorite lokal yo pa fè anyen pou yo, donk yap chèche lajistis, yap chèche konnen kiyès ki te fè vyolans nan Lestè 29 novanm, 1986.

Plis enfòmasyon sou Lagè Diri, Latibonit 1986

Lagè Diri, Latibonit: Entèvyou ak Prefè ak Komisè Gonayiv, 2 desanm 1986

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Conflit Estère/ Artibonite Interview, Préfet, Commissaire

DESKRIPSYON

Entèvyou avèk prefe arondisman Gonayiv la, sou konfli ant moun Gonayiv ak moun Lestè. Depi twa mwa, diri Miyami kap rive nan pò Gonayiv ap fè moun Lestè pa ka vann diri Latibonit ankò. Moun Lestè move, yo nan chomaj – se poutèt yap bloke kamyon sot Gonayiv kap pote diri Miyami epi yap jete diri Miyami a. Yo di diri Miyami se kontrebann li ye. Moun Gonayiv prann vanjans; yap bloke kamyon sot Lestè kap pòte diri Latibonit al nan nò peyi a. Sitiyasyon an vin pi vyolan – gen gwoup moun sot Gonayiv kap monte pou fè dezòd nan Lestè. Yo boule kay ak komès, fè piyaj. Gen yon nèg ki mouri. Aprè sa gen anpil vyolans ki fèt sou moun Latibonit kap viv nan vil Gonayiv, tankou piyaj, kraze kay, ak kadejak sou fanm. Jounalis la mande prefè a si li te gentan konnen si moun Gonayiv yo tap monte Lestè al fè dezòd. Li reponn se yon grenn moun li ye, li pa kapab gen kontwòl tout bagay.

Entèvyou avek komisè. Jounalis la mande poukisa komisè a te retire manda darè kont agresè Gonayiv yo. 2 desanm 1986 komisè a te bay yon manda darè pou plizyè nèg (Jean Tatoune ladan yo) pou piyaj, vòl ame, kadejak, boule kay, ak asasina, men aprè sa komisè a retire manda a. Komisè a di te gen moun anonim ki tap menase l. Li te mande ranfòsman men yo pat bay li. Li di se pa lage yo lap agresè yo; li di lap tann nouvo lòd.

Plis enfòmasyon sou Lagè Diri, Latibonit 1986

Lagè Diri, Latibonit: Pèspèktif Lidè de Baz ak Kiltivatè 1 desanm 1986

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Lagè Diri 1/12/1986

DESKRIPSYON

Entèvyou avèk kiltivatè ak manm ak dirijan gwoupman peyizan nan Lestè, sou vyolans ki te fèt 29 novanm 1986, lè moun Gonayiv te vin kraze barikad moun Lestè yo mete pou bloke kamyon ki tap pote diri Miyami. Te gen yon moun ki mouri ak plizyè ki blese. Moun Lestè yo pale de ‘invazyon” diri Miyami ki fè yo pa ka vann diri Latibonit ankò, kap mete yo nan chomaj. Yo di gouvèneman local la pa prann responsabilite, li pa fè djòb li paske li pa pwoteje moun Lestè yo epi pa gen lajistis.

Plis enfòmasyon sou Lagè Diri, Latibonit 1986

Face à l’Opinion: Agronòm Jean-Claude Delicé, Charles Suffrard, Anderson Charles sou Refòm Agrè, 10 janvye 2000

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Face à l’Opinion: Agronòm Jean-Claude Delicé, Charles Suffrard, Anderson Charles sou Refòm Agrè, 10 janvye 2000 (1)

Face à l’Opinion: Agronòm Jean-Claude Delicé, Charles Suffrard, Anderson Charles sou Refòm Agrè, 10 janvye 2000 (2)

DESKRIPSYON

Yon pwojè refòm agrè te derape sou gouvènman René Préval, ki t pòte lespwa anpil ti peyizan san tè, men pwoje a pat dire lontan. Aprè Siklon Jòj fin ravaje peyi a, leta a antreprann refòm sa: atribisyon tè, pwojè dragaj, drenaj, kanalizasyon, ak kredi pou ti peyizan. Men pwoje a te echwe an pati paske ti peyizan yo pat fè ODVA (Organisme de développement de la vallée de l’Artibonite) konfyans – yo di ODVA pa travay pou enterè ti peyizan e lap sèvi grandon pito – e paske te gen anpil pas pouki ak moun pa nan egzekisyon refòm nan. Nan entèvyou sa, yon nan plizyè Radyo Ayiti te fè sou pwoblèm tè nan peyi a, agwonòm Jean-Claude Delicé (direktè jeneral nan ODVA) ak 2 manm asosyasyon ti peyizan, Charles Suffrard ak Anderson Charles, pale sou objektif ak obstak refòm agrè nan vale Latibonit. Entèvyou Jean Dominique.

Face à l’Opinion: Senatè Samuel Madistin sou Manifestasyon Peyizan ak Koripsyon ODVA nan Latibonit, 17 avril 1996

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Face à l’Opinion: Senatè Samuel Madistin sou Manifestasyon Peyizan ak Koripsyon ODVA nan Latibonit, 17 avril 1996 (1)

Face à l’Opinion: Senatè Samuel Madistin sou Manifestasyon Peyizan ak Koripsyon ODVA nan Latibonit, 17 avril 1996 (2)

DESKRIPSYON

Senatè Samuel Madistin, trè fran ak kontwovèsyal, pale sou peyizan nan Latibonit kap manifeste paske yo gen pwoblèm dlo – depi 1989 kanal irigasyon an bouche. Li di se akòz de inefikasite ak koripsyon abolotcho andedan ODVA (« Organisme de Développement de la Vallée de l’Artibonite »), Care, ak PADF – senatè a di se yon “konplo pèmanan kont le peyizan.” Li denonse Plan Nasyonal Edikasyon ak Fòmasyon (PNEF) tou, paske te gen yon program de bous pou etidyan ki pa ranfòse strikti leta ki deja egziste. Li denonse privatizasyon an jeneral, sitou kom yon kondisyon pou jwenn èd nan men Etazini. Madistin te manm pati OPL, ki a lepòk te vle di Òganizasyon Politik Lavalas. Ane aprè sa, an 1997, OPL te divòse ak Fanmi Lavalas, epi li chanje non li pou l tounen Òganizasyon Pèp kap Lite. Entèvyou Jean Dominique.

“Privatizasyon ak devlopman ekonomik se lèt ak sitwòn. Yo pa mache ansanm. Se chen ak chat. Se konviksyon pwofonn m.” – Samuel Madistin