Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal: Masak Jean Rabel (l’Hécatombe de Jean Rabel), fen jiye 1987

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal: Masak Jean Rabel (l’Hécatombe de Jean Rabel), fen jiye 1987 (1)

Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal: Masak Jean Rabel (l’Hécatombe de Jean Rabel), fen jiye 1987 (2)

DESKRIPSYON

Nouvèl gaye rive Pòtoprens sou masak peyizan nan Jean Rabel; Jean Dominique chèche komprann sitiyasyon Jean Rabel, menm si enfòmasyon an poko anpil.  Sèl bagay ki si se ke kèk peyizan touye yon kantite peyizan parèy  ki te fè pati òganizasyon de baz rele Tèt Ansanm.  Tèt Ansanm tap mande refòm agrè, epi grandon divalyeris pat vle wè sa, epi yo manipile peyizan yo rale manchèt sou lòt.  Jean Rabel se yon bouk nan yon zòn byen izole, epi laprès poko ka vizite l depi masak la.  Yo poko konnen kombyen moun ki mouri; gen rapò ki di se kombyèn dizèn moun ki mouri, gen rapò ki di se kombyèn santèn moun ki mouri, epi gen posibilite agresè ap gonflè bilan mò a.

July1989_chantepeyizan_cartoon_1 copy

Karikati soti nan ti liv Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen te pibliye nan 1989 pou komemore 2yèm anivèsè masak Jean Rabel la. (Ti liv la nan achiv papye Radio Haïti Inter.)

Emisyon sa a reyegzamine plizyè lòt anrejistreman, tankou entèvyou ak manm Tèt Ansanm ki fèt 3 jiye 1987 kap bay yon avètisman ke bagay yo ap vin pi rèd ak pi danjere pou ekip misyonè Jean-Marie Vincent, emisyon Radyo Solèy te bay 28 jiye 1987 kote reskape Tèt Ansanm ap dekri sa yo te wè ak sa yo te viv nan masak la, entèvyou Konpè Filo te fè ak grandon Rémy Lucas ak Jean-Michel Richardson aprè vyolans  ki fèt Gros Sable, ak entèvyou Michèle Montas fè ak Jean-Marie Vincent 28 jiye 1987.  Pè Janmari parèt yon ti jan pridan; li pa vle di anyen kont Legliz Katolik dirèkteman.  Men Asosyasyon Nasyonal Agwonòm Ayisyen an pale pi fran; yo ekri yon lèt ouvèt kote yo denonse Legliz Katolik.  Yo di gen evèk ak prèt kap atake Tèt Ansanm ak ekip misyonè Pè Janmari depi lontan, kap preche sèmon enflame.  Konsa, Legliz Katolik enplike nan vyolans lan, tou.

Daprè peyizan sot nan kominote Plaine de l’Arbre, yo te gen pwoblèm avèk Tèt Ansanm paske Tèt Ansanm te bloke manje sinistre poutèt yo tap kore pwodiksyon nasyonal.  Taktik sa te kreye dezinyon ak lòt peyizan ki te konn sèvi ak manje sinistre sa yo pou bay pitit yo manje.

Emisyon an fini ak pawòl Pè Janmari, sou lavni Tèt Ansanm ak gwoupman peyizan an jeneral.

 

Inter-Actualités Magazine, Emisyon Spesyal “Boat People”, me 1980

 

Telechaje: Inter-Actualités Magazine, Emisyon Spesyal “Boat People”, me 1980

DESKRIPSYON

Jean Dominique ak Michèle Montas fè yon repòtaj depi Miyami, sou obstak striktirèl ak biwokratik kap afwonte refijye ayisyen kap eseye jwenn azil politik ozetazini. Yon kantite refijye san parèy ap kouri kite Ayiti al chèche lavi ozetazini, nan Bahamas, ak lòt peyi – yon mwayenn de 200 chak semenn ap kite Ayiti. Kesyon dwa “boat people” ayisyen, ak apeprè 30,000 ayisyen san papye ki deja nan Laflorid, tounen yon gwo deba politik Ozetazini. Kiben kap kouri poutèt gouvènman kominis konn jwenn azil politik Ozetazini paske gouvènman ameriken nan di se refijye politik yo ye, konsa kiben yo jwenn èd (pèmi pou travay ak asistans sosyal). Okontrè, gouvènman ameriken nan di ayisyen se refijiye ekonomik yo ye, konsa yo pap jwenn menm èd ak menm dwa kòm kiben yo. Gen politisyen ak militan kap travay nan domenn dwa sivil ozetazini, pa egzamp Jesse Jackson, manm Congressional Black Caucus (yon komite pou manm kongrè ki nwa), ak lejislatè nan pati demokratik la, kap di tout sa se blòf li ye – se pa politik, se rasis enstitisyonèl li ye. Konsa yap mete presyon sou administrasyon Jimmy Carter ak kongrè pou yo chanje lwa sou trètman refijiye ayisyen. Dominique ak Montas pale ak yon depite direktè nan INS (Sèvis Imigrasyon ak Natiralizasyon ameriken an), kap di se pa vrè, ke INS lan pa trète ayisyen diferan pase kiben. Depite direktè a di Depatman Leta pa ba yo okenn prèv ke ayisyen ap afwonte pèsikisyon si yo tounen Ayiti. Manm staf Sant Refijye Ayisyen nan Miyami di ke nan ka refijye ayisyen yo, nou pa ka separe sa k politik ak sa k ekonomik. Avoka ameriken Ira Kurzban di ke Depatman Leta ak INS gentan rann li efektivman enposib pou ayisyen fè revandikasyon pou azil politik, e konsa, Depatman Leta ak INS vyole plizyè lwa ameriken, konstitsyon ameriken nan, ak lalwa entènasyonal. Pou konkli, Dominique pale de kouraj, pè, ak detèminasyon an silans refijye ayisyen yo: “Se frè nou yo ye, e se nou tout ki responsab.”

Pè Jean-Marie Vincent pale sou masak Jean Rabel, 28 jiyè 1987

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Pè Jean-Marie Vincent pale sou masak Jean Rabel, 28/7/1987

Pè Jean-Marie Vincent – prèt katolik ak direktè Caritas – pale sou masak ki sot pase sou ti peyizan nan zòn Jean-Rabel. Li di se te yon konplo ant grandon (fanmi Lucas ak Jean-Michel Richardson) ak makout. Moun sa yo lonje dwèt sou Pè Janmari; yo di se fòt li, se li menm ki bay peyizan yo zam, se li menm ki envite yo fè vyolans. Pè Janmari di li abitye ak tout akizasyon sa yo, ak moun kap atake l ak menase l, di li kominis. Se konsa li ye depi wap travay ansanm ak ti peyizan pou yo reklame ak defann dwa yo. Li di se pa ti peyizan ki responsab vyolans lan ditou – okontrè, se gwo oligak, grandon, ak makout kap kreye yon klima laperèz, kap fè moun twouble kiyès ki viktim, kiyès ki opresè. Pè Janmari eksplike ke konfli a komanse lè yon gwoup peyizan Gros Sable reklame tè pa yo aprè Jean Claude Duvalier tonbe an 1986. Epi vyolans lan monte jouk masak Jean Rabel la. Masak sa a dire plizyè jou. Pi fò moun pat mouri premye jou a; se te aprè sa, lè moun yo te lopital oubyen lè yo tap tounen lakay yo, ke brigad ki tap touche nan men grandon yo vin touye yo. Grandon yo gen enpinite. Lè yo poze kesyon sa kap fèt andedan Legliz Katolik la (paske gen direktè katechis nan Jean Rabel kap opoze Tèt Ansanm, kap kolabore ak brigad yo), Pè Janmari di sèlman ke lòd pa li ak Caritas gen yon manda ofisyèl pou fè travay yap fè a; se pou gwo otorite Legliz la eksplike pozisyon pa yo. Grandon yo ap pwofite dezòd politik ki egziste aprè diktati a, kote pèsonn pa konnen kilès kap jere peyi a, e konsa yap sèvi ak tout pouvwa yo genyen pou kraze mouvman ti peyizan yo. Men Pè Janmari pa kwè Tèt Ansanm ka kraze konsa, paske se òganizasyon de baz ki sèl lespwa mas pèp la. Malgrè tout lasoufrans ak lanmò, yo pap disparèt. Entèvyou Michèle Montas.

Kontèks istorik ak politik refijye ayisyen nan Bahamas, 19 septanm 1980

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Kontèks istorik ak politik refijye ayisyen nan Bahamas, 19/9/1980

DESKRIPSYON

An septanm 1980, bato ki rele Lady Moore te voye tounen 161 imigran ilegal ayisyen ki sot nan Bahamas. Se te 4yèm ekspedisyon bato a, li voye tounen plis ke 600 ayisyen an Ayiti. Michèle Montas bay yon istwa brèf sou kondisyon ak migrasyon ayisyen nan Bahamas. Nan ane 1950 ak 1960, konpayi miltinasyonal ameriken te chèche ayisyen kòm travayè bon mache pou bati enfrastrikti touristik nan Bahamas. Nan dekad swivan yo, te gen plis ayisyen ki vin nan Bahamas; popilasyon an ogmante vit, sitou moun ki sot nan nòdwès Ayiti. An 1963, te gen petèt 10.000 ayisyen ki tap viv nan Bahamas, An 1972, gouvènman Bahamas ak Haiti te fè yon akò ki te presize yon setèn nimewo ayisyen ki te ka rantre nan Bahamas kòm travayè sezonye. An 1980, lè repòtaj sa a te fèt, te gen apeprè 40.000 ayisyen ki tap viv ilegalman nan Bahamas. Relasyon ak de peyi yo vin difisil. Bahamas plede di li pa gen resous pou tout ayisyen sa yo, kap travay nan konstriksyon, nan agrikilti, osinon kay moun. Pandansetan, kòb travayè sa yo ap voye bay fanmi yo an Ayiti vin esansyèl pou sa yo ki toujou rete an Ayiti, epi ekonomi Bahamas la depan sou mandèv ayisyen lap eksplwate. Yon nèg ayisyen ki tap travay nan Bahamas men ki te retounen an Ayiti an 1978 pale sou diskriminasyon ayisyen ap afwonte nan Bahamas. Travayè ayisyen, ni sa ki gen viza ni sa ki pa gen viza, pa touche menm kòb ak travayè baameyen. Travayè baameyen yo pè, yo di ayisyen ap pran tout djòb nan men yo. Gouvènman Bahamas la gen yon objektif retounen mil ayisyen ilegal chak ane. Malgrè detansyon ak depòtasyon, ayisyen kontinye ap kouri al chèche lavi lòt bò dlo, an Miyami ak nan Bahamas. Genyen ki rive nan achipèl Bahamas osinon an Biscayne Bay. Gen ladan se Gad Kòt ameriken ki pran yo anvan yo rive. Gen ladan se nwaye yo nwaye. (Se Michèle Montas ki fè repòtaj la.)

Cayo Lobos – Kiyès kap pran responsabilite ayisyen ki nofraje yo? Novanm 1980

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Cayo Lobos – Kiyès kap pran responsabilite ayisyen ki nofraje?

DESKRIPSYON

Gouvènman Ayiti, Bahamas, ak Etazini ak Nasyonzini an negosye kisa yo pral fè avek yon santenn migran ayisyen ki bloke sou Kay Lobos. Jean Dominique fè entèvyou avèk William Kalis, pòtpawòl Bahamas. Dominique deklare ke Klaus Feldmann, ki chèf UNHCR la, te voye yon telegram bay premyè minis Bahamas la, Lynden Pindling a 3è edmi, kote lap mande gouvènman Bahamas pa voye migran ayisyen ki sou Cayo Lobos tounen Ayiti, pito bay yo statis refijyè daprè lalwa entènasyonal. Preske 8 èdtan aprè sa, Kalis di premyè minis la pat janm jwenn telegram nan. Li di sèl zak ki tap fè gouvènman Bahamas pa depòte migran Cayo Lobos yo se si ni Etazini osinon Nasyonzini pran responsabilite tout lòt 20,000 a 40,000 moun san papyè kap viv nan Bahamas.