Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal: Masak Jean Rabel (l’Hécatombe de Jean Rabel), fen jiye 1987

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal: Masak Jean Rabel (l’Hécatombe de Jean Rabel), fen jiye 1987 (1)

Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal: Masak Jean Rabel (l’Hécatombe de Jean Rabel), fen jiye 1987 (2)

DESKRIPSYON

Nouvèl gaye rive Pòtoprens sou masak peyizan nan Jean Rabel; Jean Dominique chèche komprann sitiyasyon Jean Rabel, menm si enfòmasyon an poko anpil.  Sèl bagay ki si se ke kèk peyizan touye yon kantite peyizan parèy  ki te fè pati òganizasyon de baz rele Tèt Ansanm.  Tèt Ansanm tap mande refòm agrè, epi grandon divalyeris pat vle wè sa, epi yo manipile peyizan yo rale manchèt sou lòt.  Jean Rabel se yon bouk nan yon zòn byen izole, epi laprès poko ka vizite l depi masak la.  Yo poko konnen kombyen moun ki mouri; gen rapò ki di se kombyèn dizèn moun ki mouri, gen rapò ki di se kombyèn santèn moun ki mouri, epi gen posibilite agresè ap gonflè bilan mò a.

July1989_chantepeyizan_cartoon_1 copy

Karikati soti nan ti liv Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen te pibliye nan 1989 pou komemore 2yèm anivèsè masak Jean Rabel la. (Ti liv la nan achiv papye Radio Haïti Inter.)

Emisyon sa a reyegzamine plizyè lòt anrejistreman, tankou entèvyou ak manm Tèt Ansanm ki fèt 3 jiye 1987 kap bay yon avètisman ke bagay yo ap vin pi rèd ak pi danjere pou ekip misyonè Jean-Marie Vincent, emisyon Radyo Solèy te bay 28 jiye 1987 kote reskape Tèt Ansanm ap dekri sa yo te wè ak sa yo te viv nan masak la, entèvyou Konpè Filo te fè ak grandon Rémy Lucas ak Jean-Michel Richardson aprè vyolans  ki fèt Gros Sable, ak entèvyou Michèle Montas fè ak Jean-Marie Vincent 28 jiye 1987.  Pè Janmari parèt yon ti jan pridan; li pa vle di anyen kont Legliz Katolik dirèkteman.  Men Asosyasyon Nasyonal Agwonòm Ayisyen an pale pi fran; yo ekri yon lèt ouvèt kote yo denonse Legliz Katolik.  Yo di gen evèk ak prèt kap atake Tèt Ansanm ak ekip misyonè Pè Janmari depi lontan, kap preche sèmon enflame.  Konsa, Legliz Katolik enplike nan vyolans lan, tou.

Daprè peyizan sot nan kominote Plaine de l’Arbre, yo te gen pwoblèm avèk Tèt Ansanm paske Tèt Ansanm te bloke manje sinistre poutèt yo tap kore pwodiksyon nasyonal.  Taktik sa te kreye dezinyon ak lòt peyizan ki te konn sèvi ak manje sinistre sa yo pou bay pitit yo manje.

Emisyon an fini ak pawòl Pè Janmari, sou lavni Tèt Ansanm ak gwoupman peyizan an jeneral.

 

Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal sou Jean Rabel: Pwopriyetè Tè, Anti-Kominis, Legliz Katolik, ak Twipotaj, 16 daout 1987

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal sou Jean Rabel: Pwopriyetè Tè, Anti-Kominis, Legliz Katolik, ak Twipotaj, 16 daout 1987 (1)

Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal sou Jean Rabel: Pwopriyetè Tè, Anti-Kominis, Legliz Katolik, ak Twipotaj, 16 daout 1987 (2)

DESKRIPSYON

Twa semenn aprè masak Jean Rabel la, medya endepandan toujou entèdi nan zòn nan. Jean Dominique pale avèk Michèle Pierre-Louis (ki sot vizite zòn non kòm pati Misyon Alfa) ak agwonòm Chavanne Jean-Baptiste (fondatè Mouvman Peyizan Papay) sou ki sikònstans ak faktè ki fè masak sa posib. Pierre-Louis di li wè peyizan nan zòn Lakoma gen anpil ostilite pou Pè Jean-Marie Vincent ekip misyonè a, men li eksplike ostilite a, se rezilta yon strateji ke grandon yo jwenn pou kreye dizinyon ant peyizan yo.

Cartoon from Tèt Kole's 1989 pamphlet commemorating the Jean Rabel massacre.  Peasant farmers plan to cut down the tree of injustice and oppression with the axe of liberation.  (Source: Radio Haïti Inter paper archive)

Karikati soti nan ti liv Tèt Kole te pibliye nan 1989 pou komemore masak Jean Rabel la. (Ti liv la nan achiv papye Radio Haïti Inter)

Grandon yo fè sa paske yo wè ideyoloji ak pawòl Tèt Ansanm tap mete an kesyon strikti sosyal ki egziste deja. Grandon yo pat vle pèdi pouvwa ak tè yo te gen nan men yo, nan mitan tout chanjman ki ta ka fèt aprè Duvalier tonbe 7 fevriye 1986. Konsa yo te manipile ti peyizan yo, yo te pran moun pa yo pami ti peyizan yo, yo di yo tap redistribye tè bay yo. Grandon yo kreye yon sitiyasyon kote, daprè Jean-Baptiste, “yo fè ti chen manje ti chen, fè ti peyizan touye ti peyizan parèy yo.”  Daprè Jean-Baptiste, grandon yo, ansanm avèk setènn radyo ak manm Legliz Katolik, ap fè twipotaj gaye. Yap fè ti peyizan yo komprann ke Pè Jean-Marie se yon kominis li ye, ke kominis ap vin sezi tout tè, kay, ak pwopriyete ti peyizan yo. Gen yon gwo divizyon ki egziste andedan Legliz Katolik — ant yerachi tradisyonèl legliz la, ki reyaksyonè anpil, avèk “ti legliz” kap preche teyoloji liberasyon epi kap ankouraje ti peyizan revandike dwa yo. Daprè Jean-Baptiste, fòk legliz katolik pran responsabilite masak la. Entèvyou Jean Dominique.

Lagè Diri, Latibonit: Konfli ant Gonayiv ak Lestè, 4 desanm 1986

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Zafè Gonayiv Lestè 4/12/86

DESKRIPSYON

Yon gwoup kiltivatè sot Lestè al Gonayiv. Yo di otorite lokal yo pa fè anyen pou yo, donk yap chèche lajistis, yap chèche konnen kiyès ki te fè vyolans nan Lestè 29 novanm, 1986.

Plis enfòmasyon sou Lagè Diri, Latibonit 1986

Lagè Diri, Latibonit: Entèvyou ak Prefè ak Komisè Gonayiv, 2 desanm 1986

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Conflit Estère/ Artibonite Interview, Préfet, Commissaire

DESKRIPSYON

Entèvyou avèk prefe arondisman Gonayiv la, sou konfli ant moun Gonayiv ak moun Lestè. Depi twa mwa, diri Miyami kap rive nan pò Gonayiv ap fè moun Lestè pa ka vann diri Latibonit ankò. Moun Lestè move, yo nan chomaj – se poutèt yap bloke kamyon sot Gonayiv kap pote diri Miyami epi yap jete diri Miyami a. Yo di diri Miyami se kontrebann li ye. Moun Gonayiv prann vanjans; yap bloke kamyon sot Lestè kap pòte diri Latibonit al nan nò peyi a. Sitiyasyon an vin pi vyolan – gen gwoup moun sot Gonayiv kap monte pou fè dezòd nan Lestè. Yo boule kay ak komès, fè piyaj. Gen yon nèg ki mouri. Aprè sa gen anpil vyolans ki fèt sou moun Latibonit kap viv nan vil Gonayiv, tankou piyaj, kraze kay, ak kadejak sou fanm. Jounalis la mande prefè a si li te gentan konnen si moun Gonayiv yo tap monte Lestè al fè dezòd. Li reponn se yon grenn moun li ye, li pa kapab gen kontwòl tout bagay.

Entèvyou avek komisè. Jounalis la mande poukisa komisè a te retire manda darè kont agresè Gonayiv yo. 2 desanm 1986 komisè a te bay yon manda darè pou plizyè nèg (Jean Tatoune ladan yo) pou piyaj, vòl ame, kadejak, boule kay, ak asasina, men aprè sa komisè a retire manda a. Komisè a di te gen moun anonim ki tap menase l. Li te mande ranfòsman men yo pat bay li. Li di se pa lage yo lap agresè yo; li di lap tann nouvo lòd.

Plis enfòmasyon sou Lagè Diri, Latibonit 1986

Henri Namphy, Diskou Piblik, 7 jen 1986

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Henri Namphy, Diskou Piblik, 7 jen 1986

DESKRIPSYON

An mas 1986, yon mwa edmi aprè Jean-Claude Duvalier tonbe, premye Conseil National de Gouvernement (CNG) te gentan disoud, e vyolans ak dezòd gaye nan Pòtoprens. An jen 1986, Henri Namphy bay diskou sa a, kote li pale sou demokrasi, revolisyon, ak “viktwa 7 fevriyè” (dat Duvalier ale). Li di ap gen solisyon pou tout pwoblèm Ayiti yo – ap gen lòd, demokrasi, sante, edikasyon, moun pral aprann li, ap gen devlopman agrikòl ak ekonomik pou tout moun.

Henri Namphy, Diskou Piblik Aprè Duvalier Fin Tonbe, 25 fevriye 1986

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Henri Namphy, Diskou Piblik Aprè Duvalier Fin Tonbe, 25 fevriye 1986

DESKRIPSYON

Jeneral Henri Namphy fè yon diskou piblik jis aprè li monte sou pouvwa nan gouvènman pwovizwa (Conseil National de Gouvernement, CNG) aprè Jean-Claude Duvalier fin tonbe. Li pale anpil sou demokrasi, ak sa pèp ayisyen an bezwen ak mande, ak objektif CNG a. Li di CNG a pral restore drapo blè ak wouj la, laprès pral gen libète, CNG pral mete aksan sou envestisman entènasyonal ak nasyonal, ap genyen kòperasyon entènasyonal, e Duvalierisme an jeneral pral dezame.

Dezòd nan Gonayiv, 19 novanm, 3 desanm, 8 desanm 1986

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Dezòd nan Gonayiv

DESKRIPSYON

Aprè Namphy deklare li pap sipòte okenn manifestasyon, vil Gonaïves la pete fè dezòd. Moun ap rasanble nan lari yo, yap rele, tout magazen fèmen pòt yo, moun ap boule kawoutchou, epi yap pale de fè koudeta sou Namphy ak gouvènman l. Moun Gonayiv ap defann vyolans ki te fèt nan Lestè; yo di se jis travèse yo tap travèse barikad moun Lestè te mete yo.

Plis enfòmasyon sou Lagè Diri, Latibonit 1986