Editoryal: Bon appétit, messieurs! 20 oktòb 1980

Telechaje: Bon appétit, messieurs! (1), Bon appétit, messieurs! (2)

Nan mwa novanm 1980, li te evidan ke rejim Jean-Claude Duvalier a tap frape opozisyon politik la, fèmen bouch laprès, epi redwi kèk libète frajil.  Libète sa yo — menm si yo te limite — te egziste paske jounalis endepandan ak militan dwa moun an Ayiti te lite pou yo soti 1977 rive 1980.  Nan epòk sa a, gouvènman Duvalier a te fè kèk konsesyon pa rapò ak dwa moun, paske gwo bayè lajan, sitou gouvènman meriken anba Prezidan Carter, mete presyon politik sou li.  Sepandan, Carter pèdi manda l nan novanm 1980;  Ronald Reagan genyen eleksyon an.  Daprè rejim Duvalier a, depi Reagan enstale nan Mezon Blanch, gouvènman ayisyen an pa ta oblije respekte dwa moun ankò.

Le Petit Samedi Soir, 17 oktòb 1980, sou arestasyon Konpè Filo. (Koleksyon Radio Haïti Inter)

Le Petit Samedi Soir, 17 oktòb 1980, sou arestasyon Konpè Filo. (Koleksyon Radio Haïti Inter)

Pandan kèk mwa anvan sa, medya endepandan an (tankou Radio Haïti, Le Petit Samedi Soir, ak lòt ti piblikasyon) tap fè repòtaj sou yon seri pwoblèm ki pat an favè rejim Duvalier a: opozisyon kont rejim nan ki tap ogmante, nouvo pati politik ak sendika, “bòtpipel” ki te chape Ayiti anba represyon ekonomik ak politik, soulèvman peyizan, koripsyon, dechè toksik, ak vyolasyon dwa moun.  Nan oktòb 1980, Le Nouveau Monde (jounal ofisyèl gouvènmantal) te pibliye yon editoryal kote yo di “le bal est fini.”  Rejim nan komanse pèsekite jounalis, arete yo, menase yo — defwa yo akize yo san rezon devan tribinal.

20 oktòb 1980, Jean Dominique te reponn ak evènman sa yo avèk yon editoryal pwofetik ki rele “Bon appétit, messieurs,” kote li prevwa sa k pral fèt si yo fèmen bouch laprès endepandan an Ayiti.

28 novanm 1980, apeprè yon mwa aprè emisyon editoryal la, rejim nan lanse yon gwo kanpay represyon kont laprès, pati politik, lidè sendika, ak militan dwa moun.  Yo arete plis ke yon douzèn jounalis Radio Haïti — gen ladan yo maspinen, epi yo egzile yo.  Estasyon an te fèmen, tout stidyo yo te kraze nèt.  Rès medya ayisyen a te rete bouch be jiska Duvalier tonbe nan 1986.

«Donc, messieurs les journalistes officiels, le pays est à vous seuls dorénavant.  Et tout sera beau, tout sera paisible, tout sera idyllique, tout sera rose et merveilleux.  Cependant les Haïtiens risquent un beau matin de se réveiller avec une odeur épouvantable, insupportable, une odeur nauséabonde, putride!  Tout surpris, on se bouchonne la narine, on se demandera, «mais que s’est-il passé?»  Comme la presse officielle ne le leur dira pas, ils iront chercher par eux mêmes, oh n’iront pas loin, car entretemps le pays sera devenu une poubelle, le panye fatra du reste du monde industriel….  Oserez-vous, messieurs de la presse gouvernementale, risquer votre chèque, votre job, votre position ou, qui sait, votre vie, pour dénoncer à temps comme nous avons tenté de le faire, en mars-avril, le projet qui consistait à transformer Haïti en une poubelle des villes et des usines américaines?  L’oserez-vous, messieurs de la presse officielle?»

Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal: Masak Jean Rabel (l’Hécatombe de Jean Rabel), fen jiye 1987

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal: Masak Jean Rabel (l’Hécatombe de Jean Rabel), fen jiye 1987 (1)

Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal: Masak Jean Rabel (l’Hécatombe de Jean Rabel), fen jiye 1987 (2)

DESKRIPSYON

Nouvèl gaye rive Pòtoprens sou masak peyizan nan Jean Rabel; Jean Dominique chèche komprann sitiyasyon Jean Rabel, menm si enfòmasyon an poko anpil.  Sèl bagay ki si se ke kèk peyizan touye yon kantite peyizan parèy  ki te fè pati òganizasyon de baz rele Tèt Ansanm.  Tèt Ansanm tap mande refòm agrè, epi grandon divalyeris pat vle wè sa, epi yo manipile peyizan yo rale manchèt sou lòt.  Jean Rabel se yon bouk nan yon zòn byen izole, epi laprès poko ka vizite l depi masak la.  Yo poko konnen kombyen moun ki mouri; gen rapò ki di se kombyèn dizèn moun ki mouri, gen rapò ki di se kombyèn santèn moun ki mouri, epi gen posibilite agresè ap gonflè bilan mò a.

July1989_chantepeyizan_cartoon_1 copy

Karikati soti nan ti liv Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen te pibliye nan 1989 pou komemore 2yèm anivèsè masak Jean Rabel la. (Ti liv la nan achiv papye Radio Haïti Inter.)

Emisyon sa a reyegzamine plizyè lòt anrejistreman, tankou entèvyou ak manm Tèt Ansanm ki fèt 3 jiye 1987 kap bay yon avètisman ke bagay yo ap vin pi rèd ak pi danjere pou ekip misyonè Jean-Marie Vincent, emisyon Radyo Solèy te bay 28 jiye 1987 kote reskape Tèt Ansanm ap dekri sa yo te wè ak sa yo te viv nan masak la, entèvyou Konpè Filo te fè ak grandon Rémy Lucas ak Jean-Michel Richardson aprè vyolans  ki fèt Gros Sable, ak entèvyou Michèle Montas fè ak Jean-Marie Vincent 28 jiye 1987.  Pè Janmari parèt yon ti jan pridan; li pa vle di anyen kont Legliz Katolik dirèkteman.  Men Asosyasyon Nasyonal Agwonòm Ayisyen an pale pi fran; yo ekri yon lèt ouvèt kote yo denonse Legliz Katolik.  Yo di gen evèk ak prèt kap atake Tèt Ansanm ak ekip misyonè Pè Janmari depi lontan, kap preche sèmon enflame.  Konsa, Legliz Katolik enplike nan vyolans lan, tou.

Daprè peyizan sot nan kominote Plaine de l’Arbre, yo te gen pwoblèm avèk Tèt Ansanm paske Tèt Ansanm te bloke manje sinistre poutèt yo tap kore pwodiksyon nasyonal.  Taktik sa te kreye dezinyon ak lòt peyizan ki te konn sèvi ak manje sinistre sa yo pou bay pitit yo manje.

Emisyon an fini ak pawòl Pè Janmari, sou lavni Tèt Ansanm ak gwoupman peyizan an jeneral.

 

Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal sou Jean Rabel: Pwopriyetè Tè, Anti-Kominis, Legliz Katolik, ak Twipotaj, 16 daout 1987

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal sou Jean Rabel: Pwopriyetè Tè, Anti-Kominis, Legliz Katolik, ak Twipotaj, 16 daout 1987 (1)

Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal sou Jean Rabel: Pwopriyetè Tè, Anti-Kominis, Legliz Katolik, ak Twipotaj, 16 daout 1987 (2)

DESKRIPSYON

Twa semenn aprè masak Jean Rabel la, medya endepandan toujou entèdi nan zòn nan. Jean Dominique pale avèk Michèle Pierre-Louis (ki sot vizite zòn non kòm pati Misyon Alfa) ak agwonòm Chavanne Jean-Baptiste (fondatè Mouvman Peyizan Papay) sou ki sikònstans ak faktè ki fè masak sa posib. Pierre-Louis di li wè peyizan nan zòn Lakoma gen anpil ostilite pou Pè Jean-Marie Vincent ekip misyonè a, men li eksplike ostilite a, se rezilta yon strateji ke grandon yo jwenn pou kreye dizinyon ant peyizan yo.

Cartoon from Tèt Kole's 1989 pamphlet commemorating the Jean Rabel massacre.  Peasant farmers plan to cut down the tree of injustice and oppression with the axe of liberation.  (Source: Radio Haïti Inter paper archive)

Karikati soti nan ti liv Tèt Kole te pibliye nan 1989 pou komemore masak Jean Rabel la. (Ti liv la nan achiv papye Radio Haïti Inter)

Grandon yo fè sa paske yo wè ideyoloji ak pawòl Tèt Ansanm tap mete an kesyon strikti sosyal ki egziste deja. Grandon yo pat vle pèdi pouvwa ak tè yo te gen nan men yo, nan mitan tout chanjman ki ta ka fèt aprè Duvalier tonbe 7 fevriye 1986. Konsa yo te manipile ti peyizan yo, yo te pran moun pa yo pami ti peyizan yo, yo di yo tap redistribye tè bay yo. Grandon yo kreye yon sitiyasyon kote, daprè Jean-Baptiste, “yo fè ti chen manje ti chen, fè ti peyizan touye ti peyizan parèy yo.”  Daprè Jean-Baptiste, grandon yo, ansanm avèk setènn radyo ak manm Legliz Katolik, ap fè twipotaj gaye. Yap fè ti peyizan yo komprann ke Pè Jean-Marie se yon kominis li ye, ke kominis ap vin sezi tout tè, kay, ak pwopriyete ti peyizan yo. Gen yon gwo divizyon ki egziste andedan Legliz Katolik — ant yerachi tradisyonèl legliz la, ki reyaksyonè anpil, avèk “ti legliz” kap preche teyoloji liberasyon epi kap ankouraje ti peyizan revandike dwa yo. Daprè Jean-Baptiste, fòk legliz katolik pran responsabilite masak la. Entèvyou Jean Dominique.

Inter-Actualités Magazine, Emisyon Spesyal “Boat People”, me 1980

 

Telechaje: Inter-Actualités Magazine, Emisyon Spesyal “Boat People”, me 1980

DESKRIPSYON

Jean Dominique ak Michèle Montas fè yon repòtaj depi Miyami, sou obstak striktirèl ak biwokratik kap afwonte refijye ayisyen kap eseye jwenn azil politik ozetazini. Yon kantite refijye san parèy ap kouri kite Ayiti al chèche lavi ozetazini, nan Bahamas, ak lòt peyi – yon mwayenn de 200 chak semenn ap kite Ayiti. Kesyon dwa “boat people” ayisyen, ak apeprè 30,000 ayisyen san papye ki deja nan Laflorid, tounen yon gwo deba politik Ozetazini. Kiben kap kouri poutèt gouvènman kominis konn jwenn azil politik Ozetazini paske gouvènman ameriken nan di se refijye politik yo ye, konsa kiben yo jwenn èd (pèmi pou travay ak asistans sosyal). Okontrè, gouvènman ameriken nan di ayisyen se refijiye ekonomik yo ye, konsa yo pap jwenn menm èd ak menm dwa kòm kiben yo. Gen politisyen ak militan kap travay nan domenn dwa sivil ozetazini, pa egzamp Jesse Jackson, manm Congressional Black Caucus (yon komite pou manm kongrè ki nwa), ak lejislatè nan pati demokratik la, kap di tout sa se blòf li ye – se pa politik, se rasis enstitisyonèl li ye. Konsa yap mete presyon sou administrasyon Jimmy Carter ak kongrè pou yo chanje lwa sou trètman refijiye ayisyen. Dominique ak Montas pale ak yon depite direktè nan INS (Sèvis Imigrasyon ak Natiralizasyon ameriken an), kap di se pa vrè, ke INS lan pa trète ayisyen diferan pase kiben. Depite direktè a di Depatman Leta pa ba yo okenn prèv ke ayisyen ap afwonte pèsikisyon si yo tounen Ayiti. Manm staf Sant Refijye Ayisyen nan Miyami di ke nan ka refijye ayisyen yo, nou pa ka separe sa k politik ak sa k ekonomik. Avoka ameriken Ira Kurzban di ke Depatman Leta ak INS gentan rann li efektivman enposib pou ayisyen fè revandikasyon pou azil politik, e konsa, Depatman Leta ak INS vyole plizyè lwa ameriken, konstitsyon ameriken nan, ak lalwa entènasyonal. Pou konkli, Dominique pale de kouraj, pè, ak detèminasyon an silans refijye ayisyen yo: “Se frè nou yo ye, e se nou tout ki responsab.”

Temwanyaj sou masak Fort Dimanche, 26 avril 1986 (manman viktim yo, obsèvatè dwa moun) – 1 an aprè, 26 avril 1987

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Temwanyaj sou masak Fort Dimanche, 26 avril 1986 (manman viktim yo, obsèvatè dwa moun) – 1 an aprè

Pati 1: Liliane Pierre-Paul fè yon entèvyou ak manman ak gran sè twa jèn gason ki lame touye 26 avril 1986 devan Fort Dimanche. Jou sa a te gen yon pwosesyon, yon mach ki te soti Sacre Coeur ki tap desann Fort Dimanche pou komemore evenman 26 avril 1963.

Le Nouvelliste, 26 avril 1986

Lè foul la rasanble devan Fort Dimanche, lame tire sou yo. Yo pa konnen kombyen moun ki blese, kombyen moun ki mouri. Pami sa ki mouri yo te gen Jackson Row, 26 an, ki tap travay nan Nouvelliste; Wilson Auguste, 18 an, yon etidyan nan segond; ak Wilson Micaisse, 16 an, yon etidyan nan segond. Yon ane aprè lanmò twa jèn gason yo, manman yo – ki sot nan klas popilè a, se machann kap vann anba lavil yo ye – boulvèse ak emosyonèl. Yap chèche jistis men yo pa vrèman konnen ki jan pou yo fè sa. Yo di lame ak otorite yo trete jèn gason yo kòm chen, yo pat trete yo kòm moun.

Pati 2: Temwanyaj Gary Desenclos, kap travay kòm obsèvatè nan Comité des droits de l’homme haïtien nan Beljik. Li te asiste mach 26 avril1986 kòm obsèvatè dwa moun. Li di vyolans lame te fè a te fèt preske san pwovokasyon. Menm si foul la tap fè yon ti menas, yo pat gen zam nan men yo, epi manm fanmi Benoît ak fanmi Édeline (ki te manke ekstèmine nan masak 1963 a) te gentan kalme foul la. Se te aprè foul la fin kalme, lame a komanse tire sou yo. Lame a pat kite moun ede sa ki te blese yo, nonplis.

Pou jwenn PDF Le Nouvelliste 26-27 avril 1986, klike: (1) (2) (3)

Masak Jan Rabel, Radyo Solèy, 28 jiyè 1987

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Masak Jan Rabel, Radyo Solèy

DESKRIPSYON

Yon jounalis Radyo Solèy pale ak de manm Tèt Ansanm – yon gason ak yon fi – kap bay temwanyaj sou masak kap kontinye fèt nan Jan Rabel. Temwen yo di ke malgre ofisyèlman masak la fèt le 23 jiyè 1987, anfèt lap kontinye toujou. Agresè yo gentan fòme brigad espesyal (se peye yo peye yo pou fè brigad sa yo). Brigad yo ap menase moun ki nan prizon ak moun ki nan lopital, ak fanmi moun sa yo. Yap touye moun ki blese, ki kache nan raje paske yo pa ka soti. Agresè yo ap bay manti ak gaye twipotaj sou gwoupman Tèt Ansanm nan, pou moun ki abite nan bouk Jan Rabel la kwè peyizan yo ap vin masakre yo menm. 2 temwen sa yo vin nan Radyo Solèy pou mande asistans ak sipò. Yo di gen anpil diskisyon kap fèt nan Pòtoprens, men moun nan kapital la pa konprann ke masak la poko fini, gen moun kap mouri chak jou. Yo mande legliz katolik, monseyè yo, la Kwa Wouj, osinon nenpòt ki otorite moral vini ak yon konvwa machinn pou sove anviron 120 moun “ki rete, ke yo poko touye.” Yo di se yon devwa legliz li ye. 

Premye Anivèsè Asasina “Twa Flè Lespwa” nan Gonayiv, entèvyou Venel Remarais, 27 novanm 1986

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Entèvyou Venel Remarais 27/11/86, 3 flè lespwa

DESCKIPSYON

Jounalis Venel Remarais pale ak J.J. Dominique nan premyè anivèse vyolans ki fèt 28 novanm 1985 lè solda ak makout tire sou moun ki tap manifeste. Twa timoun te mouri nan vyolans sa a, ak yon pakèt lòt moun nan popilasyon sivil la te blese.  Lè sa a Venel Remarais tap travay nan Radyo Solèy, yon estasyon katolik; an 1985, gouvènman Duvalier a te bay lòd fèmen li.

Face à l’Opinion: Rodolfo Mattarollo: Rapò OEA/ONU sou Dwa Moun an Ayiti, 11 oktòb 1999

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje:
Face à l’Opinion: Rodolfo Mattarollo: Rapò OEA/ONU sou Dwa Moun an Ayiti, 11/10/1999 (1)

Face à l’Opinion: Rodolfo Mattarollo: Rapò OEA/ONU sou Dwa Moun an Ayiti, 11/10/1999 (2)

DESKRIPSYON

Rodolfo Mattarollo pale sou yon rapò OEA/ONU sou dwa moun, jistis, ak enpinite an Ayiti aprè koudeta ak rejim brital Raoul Cédras (1991-1994). Nan ane sa yo, rejim militè a te touye, disparèt, vyole, ak tòtire yon kantite moun nou pa ka konte. Mattarollo mete aksan sou laverite, jan li nesèsè etabli ak dokimante laverite – yon bagay ki trè konplike an Ayiti, paske pi fò viktim rejim militè a te ti peyizan ki pòv ak anonim. Li di pou goumen kont enpinite an Ayiti, fòk Ayiti gen strikti jidisyè ak enstitisyon legal ki byen solid. Mattarollo pale an patikilyè sou masak Raboteau ki fèt an 1994, lè fòs militè yo te kraze patizan Aristide/Lavalas ki tap manifeste nan bidonvil Raboteau, nan Gonaïves. Mattarollo, ki te an egzil de peyi l, Ajantin, pandan rejim militè nan peyi sa a, te yon avoka, defandè dwa moun, ak Direktè Egzekitif Adjwen nan Mission Civile Internationale en Haïti (MICIVIH), ant 1996 ak 2000. Kòm anbasadè UNASUR (ki se Òganizasyon Peyi Amerik di Sid) nan peyi dAyiti, soti 2010 rive 2014, li te pote yon gwo sipò bay viktim ki te akize ansyen diktatè Jean Claude Duvalier devan lajistis.  Entèvyou Jean Dominique.

Pou plis enfòmasyon: Rodolfo Mattarollo: Rien n’a été en vain (en franse)

Face à l’Opinion: Pè Rénald Clérismé sou Premyè Anivèsè Asasina Jean-Marie Vincent, 24 dawou 1995

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje:
Face à l’Opinion: Pè Rénald Clérismé sou Premyè Anivèsè Asasina Jean-Marie Vincent, 24/8/1995 (1)
Face à l’Opinion: Pè Rénald Clérismé sou Premyè Anivèsè Asasina Jean-Marie Vincent, 24/8/1995 (2)

DESKRIPSYON

Pè Jean-Marie Vincent, yon prèt katolik ki te fonde gwoupman dwa peyizan ki rele “Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen” nan Jean Rabel, te asasine 28 daout 1994 anba rejim militè a. Nan premye anivèsè asasina Pè Jean-Marie, Jean Rénald Clérismé (ansyen prèt ak, evantyèlman, Minis Zafè Etranje an Ayiti ant 2006 ak 2008) sonje Jean-Marie Vincent, devouman li te genyen pou peyizanri a (“Jean-Marie leve ak yon renmen san limit pou peyizan yo”), angajman l nan teyoloji liberasyon ak diyite inivèsèl pou tout moun. Clérismé pale tou de devlopman ak soudevlopman, koripsyon, wòl kominote entènasyonal la an Ayiti, retou Aristide an 1994, ak okipasyon ameriken ak misyon nasyonzini ant 1994 e 1995. Clérismé di ke si nou vrèman vle respekte ak bay onè a memwa Jean-Marie Vincent, fòk nou chèche jistis pou tout viktim rejim militè a, ki gen ladan tou sa k malere, sa ki envizib, viktim nou pap janm wè yo. Entèvyou Jean Dominique.

“Tout moun ap mande jistis pou Janboul, jistis pou Izméry, jistis pou Malary, paske moun sa yo, yo te wè yo. Men yon ti malere ki nan lari a, ke msyè yo prann yo maspinen, ke yo prann yo vyole frè yo, yo vyole sè yo, yo vyole manman yo. Men moun sa yo tou, yo merite pou nou fè komemorasyon pou yo, pou nou di yo se moun tou e avèk Janboul, nou pap fè onè a Janboul si nou pa mete pwoblèm tout moun sa yo ansanm avèk komemorasyon nap fè pou li a.” – Rénald Clérismé

Face à l’Opinion: Lovinsky Pierre-Antoine sou Jistis, Enpinite ak Memwa Aprè Ane Koudeta yo, 16 desanm 1997

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje:
Face à l’Opinion: Lovinsky Pierre-Antoine sou Jistis, Enpinite ak Memwa Aprè Ane Koudeta yo, 16/12/1997 (1) Face à l’Opinion: Lovinsky Pierre-Antoine sou Jistis, Enpinite ak Memwa Aprè Ane Koudeta yo, 16/12/1997 (2)

DESKRIPSYON

Ant 1995 ak 2000, Fondasyon 30 Septanm te mennen manifestasyon cha semenn patou nan peyi a, pou mande jistis pou viktim koudeta 1991-1994. Lovinsky Pierre-Antoine – militan dwa moun, psikològ, ak fondatè Fondasyon an – eksplike batay Fondasyon an kont enpinite ak loubli, pwosesis dokimantasyon viktim yo ak temwanyaj viktim yo. Li eksplike jan yap chèche jistis ak reparasyon pou viktim masak Raboteau a ak lòt masak. Diz an aprè entèvyou sa a, Lovinsky Pierre-Antoine disparèt nan yon fason ki dwòl; yo pat janm jwenn kò a. Entèvyou Jean Dominique.

 

Se yon batay de memwa kont loubli, paske nou panse ke nou pa kapab konstwi demokrasi nou vle pou peyi a si nou di nap pase yon kou deponj sou sa k te pase a. Li enposib. Li enposib. – Lovinsky Pierre-Antoine

***

Nou kwe ke fò nou di ke travay ke nap fè a se yon travay ke nap fè pa sèlman pou moun ki te mouri yo, Se yon travay ke nap fè tou pou ke moun ki te genyen moun ki te viktim yo – pou paran viktim yo – e viktim reskape yo, yo menm menm. E tout popilasyon an, pou yo pa bliye sa k te pase a. Paske se yon gwo danje sa reprezante pou nou, pou sosyete nou, si sosyete a bliye sa k te pase a. Nou riske reviv sa ankò. E kiyès ki ka di jounen jodiya, nan peyi dAyiti, ke nou alabri de yon koudeta? Kiyès ki ka di, jounen jodiya, ke sosyete a mete de baliz pou ke koudeta pa janm kapab rive fèt nan peyi a ankò? — Lovinsky Pierre-Antoine

***

Lovinsky Pierre-Antoine: L’oubli n’est pas démocratique. Loubli se yon bagay ki ap ankouraje, se yon bagay ki an favè de bouwo yo. Lè nou bliye, se yon chèk an blan nou sinye bay bouwo yo.

Jean Dominique: Ou vle di par la, Lovinsky, ke lo viktim bliye, lo sosyete bliye, bouwo yo kapab repentire figi yo, epi yo parèt tankou tibebe ki fèk fèt devan figi nou, kom dez enosan, e ke yo kapab, avèk mask denosans sa a, yo kapab pare kò yo pou yo rekomanse. Se sa ou vle di.