Face à l’Opinion: Senatè Yvon Toussaint sou Koripsyon andan Leta Ayisyen, 10 avril 1996

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Face à l’Opinion: Senatè Yvon Toussaint sou Koripsyon andan Leta Ayisyen, 10 avril 1996 (1)

Face à l’Opinion: Senatè Yvon Toussaint sou Koripsyon andan Leta Ayisyen, 10 avril 1996 (2)

DESKRIPSYON

Senatè Yvon Toussaint, manm pati OPL la, denonse koripsyon ki gaye andan gouvènman ayisyen, sitou gagòt ak chèk zonbi pami anplwaye nan ONA ak plizyè ministè leta. Li di tout imoralite ak koripsyon sa a komanse depi anba Duvalier rive nan prezan: rejim nan chanje, ekip la chanje, men koripsyon ak gagòt pami moun kap travay pou leta pa janm chanje. Jean Dominique kritike Lavalas ak Aristide (aprè retou a) kareman, avèk kran. Twa zan aprè entèvyou sa, nan 1 mas 1999, Yvon Toussaint mouri lè yo tire sou li devan kay li a. Yo pa janm jwenn kiyès ki touye l; sa k touye l pa janm peye pou sa. Entèvyou Jean Dominique.

“Lavalas la ap vin sanble, piti a piti, a sa Divalyeris la te ye an ’57-’58.” – Jean Dominique

“Sa w di la, senatè… kite m rezimen l, paske m komprann li, non sèlman m komprann li, men mwen, m al dijere l. Depi retou a, piske, senatè a byen di — heh. Se zòt ki te tounen ak nou, zòt tounen ak nou, epi premye bagay tchhip! — afè patisipasyon an, mete l sou touch terenn foutbol la. Li pa, li pa nan ekip foutbol yo. Dezyem bagay, etandonnen patisipasyon pa nan ekip foutbol la, transparans pa nan ekip foutbol la tou. Men yon twazyem bagay tou, ke nou ap rele anmwèy: nou pa wè jistis. Sa vle di twa wòch dife ki te nan manda 16 desanm 1990 la — jistis, transparans, patisipasyon — touletwa sa yo, depi 15 oktòb! yo ekate. E kote, kote chodyè a ye? Chodyè a — li pa gen wòch non, anba li… eh? Se yon tèt chaje wi, la…” – Jean Dominique

Face à l’Opinion: Senatè Samuel Madistin sou Manifestasyon Peyizan ak Koripsyon ODVA nan Latibonit, 17 avril 1996

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Face à l’Opinion: Senatè Samuel Madistin sou Manifestasyon Peyizan ak Koripsyon ODVA nan Latibonit, 17 avril 1996 (1)

Face à l’Opinion: Senatè Samuel Madistin sou Manifestasyon Peyizan ak Koripsyon ODVA nan Latibonit, 17 avril 1996 (2)

DESKRIPSYON

Senatè Samuel Madistin, trè fran ak kontwovèsyal, pale sou peyizan nan Latibonit kap manifeste paske yo gen pwoblèm dlo – depi 1989 kanal irigasyon an bouche. Li di se akòz de inefikasite ak koripsyon abolotcho andedan ODVA (« Organisme de Développement de la Vallée de l’Artibonite »), Care, ak PADF – senatè a di se yon “konplo pèmanan kont le peyizan.” Li denonse Plan Nasyonal Edikasyon ak Fòmasyon (PNEF) tou, paske te gen yon program de bous pou etidyan ki pa ranfòse strikti leta ki deja egziste. Li denonse privatizasyon an jeneral, sitou kom yon kondisyon pou jwenn èd nan men Etazini. Madistin te manm pati OPL, ki a lepòk te vle di Òganizasyon Politik Lavalas. Ane aprè sa, an 1997, OPL te divòse ak Fanmi Lavalas, epi li chanje non li pou l tounen Òganizasyon Pèp kap Lite. Entèvyou Jean Dominique.

“Privatizasyon ak devlopman ekonomik se lèt ak sitwòn. Yo pa mache ansanm. Se chen ak chat. Se konviksyon pwofonn m.” – Samuel Madistin

Face à l’Opinion: Senatè Paul Denis sou fo chèk, koripsyon ak ensekirite, 3 jen 1996

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje:
Face à l’Opinion: Senatè Paul Denis sou fo chèk, koripsyon ak ensekirite, 03/06/1996 (1)

Face à l’Opinion: Senatè Paul Denis sou fo chèk, koripsyon ak ensekirite, 03/06/1996 (2)

DESKRIPSYON

Senatè Paul Denis pale sou 60 milyon goud ki disparèt nan kès leta, atravè yon konplo de “fo chèk” ant moun nan Ministè Finans ak moun nan Bank Repiblik dAyiti. Yo arete onz anplwaye bank lan, men yo lage yo touswit; pat janm gen ankèt tout bon; moun ki responsab konplo a jwenn enpinite nèt. Denis pale tou de ensekirite kap monte nan peyi a, vyolans, kidnapin, wòl polis nasyonal la aprè yo kraze lame a, ak lavichè. Paul Denis te manm OPL la, e aprè sa li te nan Convergence Démocratique. Li te vin Minis de la Jistis nan dezyèm manda Prezidan René Preval. Entèvyou Jean Dominique. 

Face à l’Opinion: Pè Rénald Clérismé sou Premyè Anivèsè Asasina Jean-Marie Vincent, 24 dawou 1995

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje:
Face à l’Opinion: Pè Rénald Clérismé sou Premyè Anivèsè Asasina Jean-Marie Vincent, 24/8/1995 (1)
Face à l’Opinion: Pè Rénald Clérismé sou Premyè Anivèsè Asasina Jean-Marie Vincent, 24/8/1995 (2)

DESKRIPSYON

Pè Jean-Marie Vincent, yon prèt katolik ki te fonde gwoupman dwa peyizan ki rele “Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen” nan Jean Rabel, te asasine 28 daout 1994 anba rejim militè a. Nan premye anivèsè asasina Pè Jean-Marie, Jean Rénald Clérismé (ansyen prèt ak, evantyèlman, Minis Zafè Etranje an Ayiti ant 2006 ak 2008) sonje Jean-Marie Vincent, devouman li te genyen pou peyizanri a (“Jean-Marie leve ak yon renmen san limit pou peyizan yo”), angajman l nan teyoloji liberasyon ak diyite inivèsèl pou tout moun. Clérismé pale tou de devlopman ak soudevlopman, koripsyon, wòl kominote entènasyonal la an Ayiti, retou Aristide an 1994, ak okipasyon ameriken ak misyon nasyonzini ant 1994 e 1995. Clérismé di ke si nou vrèman vle respekte ak bay onè a memwa Jean-Marie Vincent, fòk nou chèche jistis pou tout viktim rejim militè a, ki gen ladan tou sa k malere, sa ki envizib, viktim nou pap janm wè yo. Entèvyou Jean Dominique.

“Tout moun ap mande jistis pou Janboul, jistis pou Izméry, jistis pou Malary, paske moun sa yo, yo te wè yo. Men yon ti malere ki nan lari a, ke msyè yo prann yo maspinen, ke yo prann yo vyole frè yo, yo vyole sè yo, yo vyole manman yo. Men moun sa yo tou, yo merite pou nou fè komemorasyon pou yo, pou nou di yo se moun tou e avèk Janboul, nou pap fè onè a Janboul si nou pa mete pwoblèm tout moun sa yo ansanm avèk komemorasyon nap fè pou li a.” – Rénald Clérismé