Temwanyaj sou masak Fort Dimanche, 26 avril 1986 (manman viktim yo, obsèvatè dwa moun) – 1 an aprè, 26 avril 1987

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Temwanyaj sou masak Fort Dimanche, 26 avril 1986 (manman viktim yo, obsèvatè dwa moun) – 1 an aprè

Pati 1: Liliane Pierre-Paul fè yon entèvyou ak manman ak gran sè twa jèn gason ki lame touye 26 avril 1986 devan Fort Dimanche. Jou sa a te gen yon pwosesyon, yon mach ki te soti Sacre Coeur ki tap desann Fort Dimanche pou komemore evenman 26 avril 1963.

Le Nouvelliste, 26 avril 1986

Lè foul la rasanble devan Fort Dimanche, lame tire sou yo. Yo pa konnen kombyen moun ki blese, kombyen moun ki mouri. Pami sa ki mouri yo te gen Jackson Row, 26 an, ki tap travay nan Nouvelliste; Wilson Auguste, 18 an, yon etidyan nan segond; ak Wilson Micaisse, 16 an, yon etidyan nan segond. Yon ane aprè lanmò twa jèn gason yo, manman yo – ki sot nan klas popilè a, se machann kap vann anba lavil yo ye – boulvèse ak emosyonèl. Yap chèche jistis men yo pa vrèman konnen ki jan pou yo fè sa. Yo di lame ak otorite yo trete jèn gason yo kòm chen, yo pat trete yo kòm moun.

Pati 2: Temwanyaj Gary Desenclos, kap travay kòm obsèvatè nan Comité des droits de l’homme haïtien nan Beljik. Li te asiste mach 26 avril1986 kòm obsèvatè dwa moun. Li di vyolans lame te fè a te fèt preske san pwovokasyon. Menm si foul la tap fè yon ti menas, yo pat gen zam nan men yo, epi manm fanmi Benoît ak fanmi Édeline (ki te manke ekstèmine nan masak 1963 a) te gentan kalme foul la. Se te aprè foul la fin kalme, lame a komanse tire sou yo. Lame a pat kite moun ede sa ki te blese yo, nonplis.

Pou jwenn PDF Le Nouvelliste 26-27 avril 1986, klike: (1) (2) (3)

Jean Rabel – Pè Jean Rénald Clérismé, Nicol Poitevien, ak Jean-Michel Richardson, 30 jiyè 1987

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Download: Jean Rabel – Pè Jean Rénald Clérismé, Nicol Poitivien, ak yon moun enkoni kap defann grandon yo

DESKRIPSYON

Pati 1 (0:00 to 3:51): Pè Jean Rénald Clérismé fè yon apèl prese bay Radio Haïti-Inter sou perèz manm gwoupman Tèt Ansanm ap sibi nan zòn Beauchamp, touprè Jean Rabel. Peyizan yo pè dòmi lakay yo, paske gen moun kap vin lakay yo pou yo menase yo. Gen agresè ak inifòm sou yo toupatou, kap chèche manm Tèt Ansanm pou yo menase yo. Agresè yo entèdi Tèt Ansanm ak Caritas rasanble, yap piyaje pwopriyete peyizan yo, yo boule kay yon agwonòm ki konn travay ak Tèt Ansanm epi yo di yo pral boule kay peyizan ankò. Père Clérismé site non 4 agresè prensipal yo. Li di sa k pi mal se ke se lame dAyiti ki voye yo fè sa.

Pati 2 (3:55-8:54) Entèvyou ak Nicol Poitevien, yon nan gwo grandon Jean Rabel yo. Yo di li se yon nan grandon ki responsab vyolans sa a. Poitivien di se pa konsa li ye – okontrè, se manm Tèt Ansanm, sitou Pè Jean-Marie Vincent, ki responsab vyolans lan, se pa li menm ak lòt grandon yo ki responsab. “Non ‘gwoupman’ an se yon bèl non, men sa yap fè a pa bèl.” Poitivien di Pè Jean-Marie se yon kominis li ye, e lap manipile “pòdyab abitan yo.”

Pati 3 (8:56-15:00): Yon moun kap defann grandon yo (Poitevien, Lucas, ak Richardson). Li di ekip misyonè Pè Jean-Marie Vincent ap òganize peyizan Tèt Ansanm pou yal dechouke moun, boule kay, ak fè vyolans sou lòt peyizan. Li ta renmen fè yon konferans laprès pou li ka prezante tout prèv li genyen. Li di pou chak dis peyizan ki manm gwoupman Tèt Ansanm, lap montre w dis peyizan ki viktim gwoupman Tèt Ansanm. 

Face à l’Opinion: Senatè Paul Denis sou fo chèk, koripsyon ak ensekirite, 3 jen 1996

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje:
Face à l’Opinion: Senatè Paul Denis sou fo chèk, koripsyon ak ensekirite, 03/06/1996 (1)

Face à l’Opinion: Senatè Paul Denis sou fo chèk, koripsyon ak ensekirite, 03/06/1996 (2)

DESKRIPSYON

Senatè Paul Denis pale sou 60 milyon goud ki disparèt nan kès leta, atravè yon konplo de “fo chèk” ant moun nan Ministè Finans ak moun nan Bank Repiblik dAyiti. Yo arete onz anplwaye bank lan, men yo lage yo touswit; pat janm gen ankèt tout bon; moun ki responsab konplo a jwenn enpinite nèt. Denis pale tou de ensekirite kap monte nan peyi a, vyolans, kidnapin, wòl polis nasyonal la aprè yo kraze lame a, ak lavichè. Paul Denis te manm OPL la, e aprè sa li te nan Convergence Démocratique. Li te vin Minis de la Jistis nan dezyèm manda Prezidan René Preval. Entèvyou Jean Dominique. 

Face à l’Opinion: Anderson Charles, Jean Francois Germain, ak Anosthene Eliscar sou Mouvman Peyizan ak Politik Agrikòl an Ayiti, 17 janvye 1996

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Face à l’Opinion: Anderson Charles, Jean Francois Germain, ak Anosthene Eliscar sou Mouvman Peyizan ak Politik Agrikòl an Ayiti (1) Face à l’Opinion: Anderson Charles, Jean Francois Germain, ak Anosthene Eliscar sou Mouvman Peyizan ak Politik Agrikòl an Ayiti, 17/01/1996 (2)

DESKRIPSYON

Twa manm gwoupman peyizan, Anderson Charles, Jean François Germain, ak Anosthène Eliscar, pale sou politik agrikòl, sityasyon aktiyèl peyizan an Ayiti, ki rèv ak ki objektif yo genyen, ak ki resous ki disponib pou yo ka aktiyalize objektif sa yo. Yo pale an patikilyè sou pwoblèm kap konfwonte pwodiksyon nasyonal pandan pwodwi sot lòt bò dlo ap kraze ekonomi Ayiti a, gaspiyaj de resous, abi ak eksplwatasyon ti peyizan ap sibi anba grandon kap sezi tè ti peyizan yo, vyolans sou peyizan anba lame ak lapolis (PNH), ak wòl peyizanri nan demokrasi patisipatif sou Aristide. Entèvyou Jean Dominique.

“Si nou gen yon sektè prive ki vrèman sa ki nou ta rele patriyòt oubyen nasyonalis, epi yo kap travay avèk bagay sa yo, pemèt ke nou rale yon souf nan peyi a. Sa vle yo ap kreye yon plan nin nan sektè peyizan, ap kreye yon plan tou pou moun lavil, plis ke nap jwenn plis bagay pou nou manje lakay nou, e konsa nou pap depann de sa kap soti lòt bò dlo.”– Jean François Germain