Jeunes Etudiants Chrétiens Port-de-Paix pote sipò bay Tèt Ansanm, 6 jiyè 1987

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Jeunes Etudiants Chrétiens (JEC) Port-de-Paix, 6 jiyè 1987

DESKRIPSYON

Jeunes Etudiants Chrétiens (JEC) Port-de-Paix anonse yap bay ekip misyonè ak manm Tèt Ansanm sipò, e yap denonse rejim makout la.

Pè Jean-Marie Vincent pale sou masak Jean Rabel, 28 jiyè 1987

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Pè Jean-Marie Vincent pale sou masak Jean Rabel, 28/7/1987

Pè Jean-Marie Vincent – prèt katolik ak direktè Caritas – pale sou masak ki sot pase sou ti peyizan nan zòn Jean-Rabel. Li di se te yon konplo ant grandon (fanmi Lucas ak Jean-Michel Richardson) ak makout. Moun sa yo lonje dwèt sou Pè Janmari; yo di se fòt li, se li menm ki bay peyizan yo zam, se li menm ki envite yo fè vyolans. Pè Janmari di li abitye ak tout akizasyon sa yo, ak moun kap atake l ak menase l, di li kominis. Se konsa li ye depi wap travay ansanm ak ti peyizan pou yo reklame ak defann dwa yo. Li di se pa ti peyizan ki responsab vyolans lan ditou – okontrè, se gwo oligak, grandon, ak makout kap kreye yon klima laperèz, kap fè moun twouble kiyès ki viktim, kiyès ki opresè. Pè Janmari eksplike ke konfli a komanse lè yon gwoup peyizan Gros Sable reklame tè pa yo aprè Jean Claude Duvalier tonbe an 1986. Epi vyolans lan monte jouk masak Jean Rabel la. Masak sa a dire plizyè jou. Pi fò moun pat mouri premye jou a; se te aprè sa, lè moun yo te lopital oubyen lè yo tap tounen lakay yo, ke brigad ki tap touche nan men grandon yo vin touye yo. Grandon yo gen enpinite. Lè yo poze kesyon sa kap fèt andedan Legliz Katolik la (paske gen direktè katechis nan Jean Rabel kap opoze Tèt Ansanm, kap kolabore ak brigad yo), Pè Janmari di sèlman ke lòd pa li ak Caritas gen yon manda ofisyèl pou fè travay yap fè a; se pou gwo otorite Legliz la eksplike pozisyon pa yo. Grandon yo ap pwofite dezòd politik ki egziste aprè diktati a, kote pèsonn pa konnen kilès kap jere peyi a, e konsa yap sèvi ak tout pouvwa yo genyen pou kraze mouvman ti peyizan yo. Men Pè Janmari pa kwè Tèt Ansanm ka kraze konsa, paske se òganizasyon de baz ki sèl lespwa mas pèp la. Malgrè tout lasoufrans ak lanmò, yo pap disparèt. Entèvyou Michèle Montas.

Face à l’Opinion: Joseph “Ti Jò” Georges ak Sony Estéus sou Radyo Kominotè, 21 jiyè 1999

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Face à l’Opinion: Joseph Georges ak Sony Esteus sou Radyo Kominotè, 21 jiyè 1999 (1)

Face à l’Opinion: Joseph Georges ak Sony Esteus sou Radyo Kominotè, 21 jiyè 1999 (2)

DESKRIPSYON

Nan komansman ane 1990 yo – aprè Duvalier fin tonbe, e jis avan ak pandan ane koudeta yo – yon ventèn stasyon radyo kominotè pouse menm jan yon bann òganizasyon de baz parèt nan tout peyi a. Joseph “Ti Jò” Georges ak Sony Estéus, chèf Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS) pale sou wòl radyo kominotè nan seksyon riral yo kòm yon zouti pou enklizyon sosyal, pwomosyon kilti ayisyen, demokrasi ak devlopman patisipatif, kominikasyon, edikasyon ak fòmasyon, ak vwa peyizan ak pòv yo. Entèvyou Jean Dominique.

“Yon nan bagay ke politik kiltirèl nasyonal la fè se fè peyizan rayi tèt li, fè l gen konplèks ke li pa gen valè, li pa gen kilti. E yon nan mwayen menm pou fè kalite patisipasyon an valab se fè peyizan konnen, konprann, santi ke li gen valè, men li gen anpil bagay pou l di.” – Joseph “Ti Jò” Georges

***

2 mas 2014: Chapo ba Sony Estéus, ki mouri sibitman 1 mas.  Sony Estéus te yon manm fondatè SAKS, epi li vin direktè SAKS nan 2000.  Li te yon jounalis angaje ak yon vrè militan pou lang kreyòl la.  Ayiti pèdi yon gwo mak moun.  Onè, respè, Sony!

Jean Rabel: Kout Lambi Tèt Ansanm, 21 jiyè 1987

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje:

Jan Rabel: Kout Lambi Tèt Ansanm, 21 jiyè 1987

DESKRIPSYON

Yon kout lambi gwoupman Tèt Ansanm nan Jan Rabel. Lap envoke memwa Desalin ak Chalmay Perat, epi lap mande lòt gwoupman peyizan ak tout mas pèp la toupatou an Ayiti pou yo gen rezistans, pou yo opoze makout yo ak grandon yo kap oprime ak eksplwate peyizan yo, kap sèvi ak gwo kòb pou divize pèp la. Prezantatè kout lambi a di fòk yo pa reziyen yo, fòk yo pa asepte kondisyon yap viv yo – reziyasyon pa yon valè kretyèn. Okontrè, se Bondye menm ki ba yo kapasite pou yo gen rezistans.