Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal: Masak Jean Rabel (l’Hécatombe de Jean Rabel), fen jiye 1987

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal: Masak Jean Rabel (l’Hécatombe de Jean Rabel), fen jiye 1987 (1)

Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal: Masak Jean Rabel (l’Hécatombe de Jean Rabel), fen jiye 1987 (2)

DESKRIPSYON

Nouvèl gaye rive Pòtoprens sou masak peyizan nan Jean Rabel; Jean Dominique chèche komprann sitiyasyon Jean Rabel, menm si enfòmasyon an poko anpil.  Sèl bagay ki si se ke kèk peyizan touye yon kantite peyizan parèy  ki te fè pati òganizasyon de baz rele Tèt Ansanm.  Tèt Ansanm tap mande refòm agrè, epi grandon divalyeris pat vle wè sa, epi yo manipile peyizan yo rale manchèt sou lòt.  Jean Rabel se yon bouk nan yon zòn byen izole, epi laprès poko ka vizite l depi masak la.  Yo poko konnen kombyen moun ki mouri; gen rapò ki di se kombyèn dizèn moun ki mouri, gen rapò ki di se kombyèn santèn moun ki mouri, epi gen posibilite agresè ap gonflè bilan mò a.

July1989_chantepeyizan_cartoon_1 copy

Karikati soti nan ti liv Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen te pibliye nan 1989 pou komemore 2yèm anivèsè masak Jean Rabel la. (Ti liv la nan achiv papye Radio Haïti Inter.)

Emisyon sa a reyegzamine plizyè lòt anrejistreman, tankou entèvyou ak manm Tèt Ansanm ki fèt 3 jiye 1987 kap bay yon avètisman ke bagay yo ap vin pi rèd ak pi danjere pou ekip misyonè Jean-Marie Vincent, emisyon Radyo Solèy te bay 28 jiye 1987 kote reskape Tèt Ansanm ap dekri sa yo te wè ak sa yo te viv nan masak la, entèvyou Konpè Filo te fè ak grandon Rémy Lucas ak Jean-Michel Richardson aprè vyolans  ki fèt Gros Sable, ak entèvyou Michèle Montas fè ak Jean-Marie Vincent 28 jiye 1987.  Pè Janmari parèt yon ti jan pridan; li pa vle di anyen kont Legliz Katolik dirèkteman.  Men Asosyasyon Nasyonal Agwonòm Ayisyen an pale pi fran; yo ekri yon lèt ouvèt kote yo denonse Legliz Katolik.  Yo di gen evèk ak prèt kap atake Tèt Ansanm ak ekip misyonè Pè Janmari depi lontan, kap preche sèmon enflame.  Konsa, Legliz Katolik enplike nan vyolans lan, tou.

Daprè peyizan sot nan kominote Plaine de l’Arbre, yo te gen pwoblèm avèk Tèt Ansanm paske Tèt Ansanm te bloke manje sinistre poutèt yo tap kore pwodiksyon nasyonal.  Taktik sa te kreye dezinyon ak lòt peyizan ki te konn sèvi ak manje sinistre sa yo pou bay pitit yo manje.

Emisyon an fini ak pawòl Pè Janmari, sou lavni Tèt Ansanm ak gwoupman peyizan an jeneral.

 

Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal sou Jean Rabel: Pwopriyetè Tè, Anti-Kominis, Legliz Katolik, ak Twipotaj, 16 daout 1987

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal sou Jean Rabel: Pwopriyetè Tè, Anti-Kominis, Legliz Katolik, ak Twipotaj, 16 daout 1987 (1)

Inter-Actualités Magazine, Repòtaj Spesyal sou Jean Rabel: Pwopriyetè Tè, Anti-Kominis, Legliz Katolik, ak Twipotaj, 16 daout 1987 (2)

DESKRIPSYON

Twa semenn aprè masak Jean Rabel la, medya endepandan toujou entèdi nan zòn nan. Jean Dominique pale avèk Michèle Pierre-Louis (ki sot vizite zòn non kòm pati Misyon Alfa) ak agwonòm Chavanne Jean-Baptiste (fondatè Mouvman Peyizan Papay) sou ki sikònstans ak faktè ki fè masak sa posib. Pierre-Louis di li wè peyizan nan zòn Lakoma gen anpil ostilite pou Pè Jean-Marie Vincent ekip misyonè a, men li eksplike ostilite a, se rezilta yon strateji ke grandon yo jwenn pou kreye dizinyon ant peyizan yo.

Cartoon from Tèt Kole's 1989 pamphlet commemorating the Jean Rabel massacre.  Peasant farmers plan to cut down the tree of injustice and oppression with the axe of liberation.  (Source: Radio Haïti Inter paper archive)

Karikati soti nan ti liv Tèt Kole te pibliye nan 1989 pou komemore masak Jean Rabel la. (Ti liv la nan achiv papye Radio Haïti Inter)

Grandon yo fè sa paske yo wè ideyoloji ak pawòl Tèt Ansanm tap mete an kesyon strikti sosyal ki egziste deja. Grandon yo pat vle pèdi pouvwa ak tè yo te gen nan men yo, nan mitan tout chanjman ki ta ka fèt aprè Duvalier tonbe 7 fevriye 1986. Konsa yo te manipile ti peyizan yo, yo te pran moun pa yo pami ti peyizan yo, yo di yo tap redistribye tè bay yo. Grandon yo kreye yon sitiyasyon kote, daprè Jean-Baptiste, “yo fè ti chen manje ti chen, fè ti peyizan touye ti peyizan parèy yo.”  Daprè Jean-Baptiste, grandon yo, ansanm avèk setènn radyo ak manm Legliz Katolik, ap fè twipotaj gaye. Yap fè ti peyizan yo komprann ke Pè Jean-Marie se yon kominis li ye, ke kominis ap vin sezi tout tè, kay, ak pwopriyete ti peyizan yo. Gen yon gwo divizyon ki egziste andedan Legliz Katolik — ant yerachi tradisyonèl legliz la, ki reyaksyonè anpil, avèk “ti legliz” kap preche teyoloji liberasyon epi kap ankouraje ti peyizan revandike dwa yo. Daprè Jean-Baptiste, fòk legliz katolik pran responsabilite masak la. Entèvyou Jean Dominique.

Pè Jean-Marie Vincent pale sou masak Jean Rabel, 28 jiyè 1987

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Pè Jean-Marie Vincent pale sou masak Jean Rabel, 28/7/1987

Pè Jean-Marie Vincent – prèt katolik ak direktè Caritas – pale sou masak ki sot pase sou ti peyizan nan zòn Jean-Rabel. Li di se te yon konplo ant grandon (fanmi Lucas ak Jean-Michel Richardson) ak makout. Moun sa yo lonje dwèt sou Pè Janmari; yo di se fòt li, se li menm ki bay peyizan yo zam, se li menm ki envite yo fè vyolans. Pè Janmari di li abitye ak tout akizasyon sa yo, ak moun kap atake l ak menase l, di li kominis. Se konsa li ye depi wap travay ansanm ak ti peyizan pou yo reklame ak defann dwa yo. Li di se pa ti peyizan ki responsab vyolans lan ditou – okontrè, se gwo oligak, grandon, ak makout kap kreye yon klima laperèz, kap fè moun twouble kiyès ki viktim, kiyès ki opresè. Pè Janmari eksplike ke konfli a komanse lè yon gwoup peyizan Gros Sable reklame tè pa yo aprè Jean Claude Duvalier tonbe an 1986. Epi vyolans lan monte jouk masak Jean Rabel la. Masak sa a dire plizyè jou. Pi fò moun pat mouri premye jou a; se te aprè sa, lè moun yo te lopital oubyen lè yo tap tounen lakay yo, ke brigad ki tap touche nan men grandon yo vin touye yo. Grandon yo gen enpinite. Lè yo poze kesyon sa kap fèt andedan Legliz Katolik la (paske gen direktè katechis nan Jean Rabel kap opoze Tèt Ansanm, kap kolabore ak brigad yo), Pè Janmari di sèlman ke lòd pa li ak Caritas gen yon manda ofisyèl pou fè travay yap fè a; se pou gwo otorite Legliz la eksplike pozisyon pa yo. Grandon yo ap pwofite dezòd politik ki egziste aprè diktati a, kote pèsonn pa konnen kilès kap jere peyi a, e konsa yap sèvi ak tout pouvwa yo genyen pou kraze mouvman ti peyizan yo. Men Pè Janmari pa kwè Tèt Ansanm ka kraze konsa, paske se òganizasyon de baz ki sèl lespwa mas pèp la. Malgrè tout lasoufrans ak lanmò, yo pap disparèt. Entèvyou Michèle Montas.

Face à l’Opinion: Anderson Charles, Jean Francois Germain, ak Anosthene Eliscar sou Mouvman Peyizan ak Politik Agrikòl an Ayiti, 17 janvye 1996

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Face à l’Opinion: Anderson Charles, Jean Francois Germain, ak Anosthene Eliscar sou Mouvman Peyizan ak Politik Agrikòl an Ayiti (1) Face à l’Opinion: Anderson Charles, Jean Francois Germain, ak Anosthene Eliscar sou Mouvman Peyizan ak Politik Agrikòl an Ayiti, 17/01/1996 (2)

DESKRIPSYON

Twa manm gwoupman peyizan, Anderson Charles, Jean François Germain, ak Anosthène Eliscar, pale sou politik agrikòl, sityasyon aktiyèl peyizan an Ayiti, ki rèv ak ki objektif yo genyen, ak ki resous ki disponib pou yo ka aktiyalize objektif sa yo. Yo pale an patikilyè sou pwoblèm kap konfwonte pwodiksyon nasyonal pandan pwodwi sot lòt bò dlo ap kraze ekonomi Ayiti a, gaspiyaj de resous, abi ak eksplwatasyon ti peyizan ap sibi anba grandon kap sezi tè ti peyizan yo, vyolans sou peyizan anba lame ak lapolis (PNH), ak wòl peyizanri nan demokrasi patisipatif sou Aristide. Entèvyou Jean Dominique.

“Si nou gen yon sektè prive ki vrèman sa ki nou ta rele patriyòt oubyen nasyonalis, epi yo kap travay avèk bagay sa yo, pemèt ke nou rale yon souf nan peyi a. Sa vle yo ap kreye yon plan nin nan sektè peyizan, ap kreye yon plan tou pou moun lavil, plis ke nap jwenn plis bagay pou nou manje lakay nou, e konsa nou pap depann de sa kap soti lòt bò dlo.”– Jean François Germain

 

Entèvyou ak manm Tèt Ansanm/Temwen, 28 jiyè 1987

SoundCloud Ultimate Error: Could not display your SoundCloud track - Error code (401).

Telechaje: Entèvyou ak manm Tèt Ansanm/Temwen, 28/7/1987

DESKRIPSYON

Entèvyou ak 2 manm Tèt Ansanm pandan masak la ap kontinye nan Jean Rabel. Temwen sa yo di ke manm Tèt Ansanm te monte La Montagne pou manifeste solidarite yo ak lòt peyizan ki oprime. Anvan manifestasyon an gentan komanse, yo te atake manb Tèt Ansanm ak wòch ak fizi. Kat moun te pran bal; twa nan kat sa yo disparèt aprè sa. Lè manifestan yo eseye pati, yo te bloke yo, yo te mennen yo nan yon chemen jennen, epi yo atake yo ankò. Manifestan yo eseye chape al nan bouk Jean Rabel, men lè yo rive, moun nan bouk la masakre yo. Gen nan manifestan yo mennen nan lopital oubyen nan prizon, men yo pat an sekirite la nonplis, paske makout yo vin menase sivivan yo. Makout yo veye, menase, atake menm fanmi moun ki nan lopital ak prizon an. Lè yo lage manifestan ki te nan prizon an, makout yo tap tann yo pou yo touye yo. Se poutèt sa 2 manm Tèt Ansanm sa yo vin pale nan radyo; yap mande èd pou yo ka libere ak sove lòt sivivan yo. Entèvyou Michèle Montas.